16/09/2025
Lendi 15 septanm 2025 lan, Chaje d’Afè Ayiti nan Bahamas, M. Dern Jovens Bonhomme, akonpaye ak Madam Anita Jean-Baptiste, Minis-Konsèyè nan Anbasad la, te fè yon vizit koutwazi nan Ministè Zafè Etranjè Bahamas. Yo te resevwa pa Direktris Jeneral Ministè a, Anbasadè Jerusa Ali, ansanm ak Direktè Jeneral Adjwen Kemi Jones. Nan rankont lan te patisipe tou : Chèf Biwo Karayib ak Amerik yo, Madam Tracee Dorestant ; Chèf Biwo Dwa Moun ak Sekirite Imen, Madam Janine Gibson ; Ofisye Pwotokòl Lorraine Major ; ak Ajan Sèvis Etranjè Leslie St. Albord.
Diskisyon yo te santre sou sitiyasyon sekirite an Ayiti, ranfòsman relasyon bilatéral ant Ayiti ak Bahamas, pwoteksyon sitwayen ayisyen k ap viv nan Bahamas, ansanm ak kandidati Bahamas pou Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Tou de pati yo te abòde plizyè lòt pwen enterè komen ki kapab pote benefis pou tou de pèp yo.
Lòt rankont deja prevwa pou kontinye ranfòse lyen zanmitay ak koperasyon ki toujou rete kòdial ak fratènèl ant de peyi yo.
________________________
On Monday, September 15th, 2025, the Chargé d’Affaires of Haiti in The Bahamas, Mr. Dern Jovens Bonhomme, accompanied by Minister Counsellor Mrs. Anita Jean-Baptiste, paid a courtesy visit to the Ministry of Foreign Affairs of the Commonwealth of The Bahamas. They were received by the Director General of the Ministry, Ambassador Jerusa Ali, along with Deputy Director General Kemi Jones. Also present were: Head of the Caribbean and Americas Bureau, Mrs. Tracee Dorestant; Head of the Human Rights and Human Security Bureau, Mrs. Janine Gibson; Protocol Officer Lorraine Major; and Foreign Service Officer Leslie St. Albord.
The discussions focused on the security situation in Haiti, the strengthening of bilateral relations between Haiti and The Bahamas, the protection of Haitian nationals residing in The Bahamas, as well as The Bahamas’ candidacy for the United Nations Security Council. Several other areas of common interest were also addressed by both parties that will bring mutual benefits to both countries.
Further meetings are planned in the near future to continue strengthening the ties of friendship and cooperation, which remain cordial and fraternal between the two nations.