ENA - Entente Nationale

ENA - Entente Nationale Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ENA - Entente Nationale, Parti politique, 10, deuxième ruelle Durandisse Faustin premier Delmas 75, Delmas.

ENA " Entente Nationale ( en créole haïtien ; Antant Nasyonal) est un parti politique haïtien fondé par l'ex Député Antoine Rodon BIEN-AIMÉ dans le but de construire un etat fort et moderne, stable et democratique.

Entente National - ENA        Yon dyalòg enklizif kote tout pitit Peyi a chita ansanm pou'n mete ego Nou yo de kote pou'...
07/05/2026

Entente National - ENA








Yon dyalòg enklizif kote tout pitit Peyi a chita ansanm pou'n mete ego Nou yo de kote pou'n ofri yon lòt altènativ ak Nasyon an ak yon projè sosyetal pou'n wete Peyi a nan kalamite l ye jodia, rejwen'n fanmi pou'n vanse ansan'm.
Antan'n pou'n Antan'n nou

03/05/2026

Yon ekstrè nan diskou Responsab Nò pâti politik ANTANT NASYONAL la nan okazyon Fèt agrikilti ak travay
Schner Mildor
Pou Entente National - ENA
Facebook
Radio Télé Métronome
Bien Aimé Roulad
Yves Jean
Jude Célestin
Présidence d'Haïti
Socrate Simon
Primature de la République d'Haïti
Ministère du Commerce et de l'Industrie
Ministère de l'Environnement Haïti
Gaëlle Bien-aimé

*ENA — Entente Nationale / Antant Nasyonal**Diskou ofisyèl Kowòdinasyon Depatmantal Nòdès**Nan okazyon Fèt Travay ak Agr...
02/05/2026

*ENA — Entente Nationale / Antant Nasyonal*
*Diskou ofisyèl Kowòdinasyon Depatmantal Nòdès*
*Nan okazyon Fèt Travay ak Agrikilti — 1e Me 2026*

Nan okazyon selebrasyon Fèt Travay ak Agrikilti 1e Me 2026 la, Kowòdonatè depatmantal Nòdès la, *BAPTISTE Adelain,* te pran lapawòl pou adrese otorite yo sou sitiyasyon aktyèl depatman an ak direksyon peyi a ap pran.

Nan diskou li a, li fè konnen gen yon abandonnman total nan depatman Nòdès la, espesyalman nan komin Wanament. Li souliye move eta enfrastrikti yo ki fè deplasman vin tounen yon gwo kalvè: machin, motosiklèt, bisiklèt, menm pyeton oblije fè anpil efò pou rive lakay yo.

Li mete yon gwo aksan sou agrikilti, kote li mande pou leta:
• bay agrikilti plis valè,
• modènize sektè a,
• epi sipòte pwodiktè lokal yo pou relanse ekonomi an.

Pou fini, li kritike fason kèk responsab jere depatman an, li denonse neglijans ki, dapre li, mete Wanament nan sitiyasyon difisil li ye jodi a. Li pran egzanp sou zòn Sèka Kavajal, li dekri kòm yon modèl devlopman, li di se rezilta lidèchip ansyen palmantè a ak Kowòdonatè pati Antant Nasyonal (ENA), *A. Rodon Bien-Aimé.*

Li lanse yon apèl pou:
“Viv yon dyalòg enklizif”
“Se antann pou n antann nou.”

*Schner Mildor, pou ENA*

Primature de la République d'Haïti
Présidence d'Haïti
Ministère de l'Environnement Haïti
Radio Télé Métronome
Schner Mildor
Roselane Pierre
Ambassade de France en Haïti
Carlot Joseph
Yves Jean
Gaëlle Bien-aimé
Socrate Simon
Entente National - ENA
Ministère du Commerce et de l'Industrie

*ENA — Antant Nasyonal**Entente Nationale**Nòt solidarite ak popilasyon depatman Nò ak Nòdès, espesyalman Okap ak Waname...
30/04/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Entente Nationale*

*Nòt solidarite ak popilasyon depatman Nò ak Nòdès, espesyalman Okap ak Wanament*

Pati politik Antant Nasyonal (ENA) pataje gwo soufrans popilasyon Okap ap andire chak jou, sitiyasyon ki vin pi grav chak moman.

Sa k ap pase nan Okap la se yon pwoblèm konplèks ki mande pou tout sektè politik yo mete tèt yo ansanm pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Se pa san rezon ENA toujou ap ankouraje yon dyalòg enklizif kote tout fòs viv nan peyi a mete men ansanm pou ede Ayiti soti nan kriz li ye jodi a.

Kowòdinasyon Nasyonal la pwofite moman sa a tou pou li eksprime solidarite li ak popilasyon depatman Nòdès la, espesyalman moun Wanament, ki frape pa gwo inondasyon jodi mèkredi 29 avril la.

Antant Nasyonal *(ENA)* rete konvenki li se youn nan aktè kle pou pote chanjman nan peyi a. Nou konnen soufrans nan Nò ak Nòdès la anpil, moman yo difisil, men nou ankouraje nou rete djanm, paske peyi a pap rete konsa.

Pwoblèm n ap fè fas yo jodi a montre vrè vizaj kriminèl ak san konsyans ki mete peyi a nan sitiyasyon li ye a.

*Kenbe fèm, Nò ak Nòdès — yon jou sitiyasyon an ap chanje.*

*Schner Mildor*
Pou ENA

Bonjou Pòdpè, Bonjou Ayiti E Bòn fèt Sen Monfò Jodia Madi 28 Avril nan istwa Ayiti:Pou fèt SAINT MONFORT 28 Avril, pati ...
28/04/2026

Bonjou Pòdpè, Bonjou Ayiti E Bòn fèt Sen Monfò

Jodia Madi 28 Avril nan istwa Ayiti:

Pou fèt SAINT MONFORT 28 Avril, pati Politik Entente National - ENA salye PORT-DE-PAIX ak depatman Nòdwès la .

Nan Ane 1665, flibistye Fransè bati Pòdepè. De 1676 jiska 1711, Pòdpè te premye kapital Ayiti.
An 1711, Okap vin dezyèm kapital Ayiti jiska 1770.
Apati de 1770 jiska 1804, Pòtoprens te twazyèm kapital.
An 1804, Machan-Desalin vin katryèm kapital Ayiti, jiska lanmò Dessalines an Oktòb 1806, Pòtoprens retounen kapital Ayiti apati de lanmò Dessalines.

27 Fevriye 1903, dife detwi Pòdepè. Depi dife sa, vil la pa janm rejwenn istwa vigè li.

Entente National - ENA Grand NordMalgre lapli tap tonbe nan divès zòn ki nan Gran Nò nan Wiken'n 25, 26 Avril 2026 sa a ...
27/04/2026

Entente National - ENA Grand Nord

Malgre lapli tap tonbe nan divès zòn ki nan Gran Nò nan Wiken'n 25, 26 Avril 2026 sa a

Sa pat anpeche divès rankont te rive reyalize pou kontinye ofri projè ENA yo ak popilasyon ki nan divès zòn ki nan Gran Nò Peyi DAyiti e kontinye sansibilize Mou'n yo pou angaje yo nan politik Peyi a yon mannyè pou'n ka mete tèt Nou ansanm pou'n ofri yon lòt altènativ ak Nasyon an pou Nou yon lòt pwan konsyans ke Peyi a dwe gen Moun ki entèg ki pou vin dirije ak mou'n ki ka pwan bon jan desizyon pou chanje Peyi a rankont yo te fèt anba lidèchip ak direktiv tout ekip kòdinasyon gran Nò a nan zòn: Sen-Rafayèl, Rankit, Kap-Ayisyen ak Bonbadopolis.

ENA: Antan'n pou'n Antan'n nou

*Haïti : Le parti ENA dénonce une « machination électorale » dans la gestion et la distribution des cartes d’identité da...
25/04/2026

*Haïti : Le parti ENA dénonce une « machination électorale » dans la gestion et la distribution des cartes d’identité dans le pays par l’équipe au pouvoir*

Le parti Entente Nationale (ENA) a exprimé, dans une note officielle, publiée le 21 avril 2026 dernier, sa « profonde indignation » suite aux conclusions

Bon 331èm anivèsè ak tout Sen-Makwa & Sen-Makwaz
25/04/2026

Bon 331èm anivèsè ak tout Sen-Makwa & Sen-Makwaz

23/04/2026

CIN : le parti ENA dénonce une distribution « sélective » et alerte sur des risques de fraude

lien en commentaire ⬇️

Adresse

10, Deuxième Ruelle Durandisse Faustin Premier Delmas 75
Delmas
HT6120

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ENA - Entente Nationale publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager