22/05/2026
FET DRAPO AYISYEN ANSANM AK JEUNESSE ENGAGÉE POUR LA RENNAISSANCE D’HAÏTI (JERH)
JERH (Jeunesse Engagée pour la Renaissance d’Haïti) nan menm jou dezyèm Lane egzistans yo, te òganize yon konferans près melanje ak aktivite kiltirèl ki gen pou tit « wonnble sou drapeau a » nan otèl Montana nan jounen 18 Mai 2026 la.
Aktivite sila a, te fèt pou selebre egzistans JERH kòm gwoup kap mete limyè sou tout sa ki fè Ayiti se yon gran peyi ak yon naratif istorik ki make mond lan, li te fèt tou pou raple jenès ayisyen an, tout enpòtans drapo Ayiti a gen pou pèp li, ak selebre an menm tan an, jounen fèt drapo ayisyen an aprè egzateman 223 lane egzistans li.
Plizyè lise nan kapital la te prezan. Nou ka site Lise Petion-Ville, lise Marie Jeanne, lise Jeune Fille, lise Méthodiste ak lise Carrefour Feuille.
Nan kad evennman sa, Konferans près te fèt pou prezante aktivite a avèk kèk entèvenan tankou: « Derinx Petit-Jean, Stéphanie Sophie Louis ki kite mesaj enpòtan sila a nan fen entèvansyon li: « Nou dwe ayisyen chak jou, tout kote, nan tout dimansyon, anba drapo nou », ak Ady Jean Gardy ki raple jenès la drapo a se yon eritaj ayisyen dwe leve wo, pwoteje ak defann. Epitou te gen pati kiltirèl ak yon espektak sou tèm : « Inite » kote animasyon te fèt ak DJ Manova epi prestasyon group Black Harmony.
18 Me se yon dat senbolik nan listwa peyi Ayiti. Dat sa yo komemore drapo Ayisyen an epi mete limyè sou tout sa ki dwe fèt pou drapo sa toujou flote ak fyète. JERH te ranpli misyon li kòm group angaje pou yon Ayiti miyò chak jou avek reyalizasyon kokennchenn aktivite sa a.
Redaktris: Lee Dwegeny Moïse
JERH
Stéphanie Sophie Louis
Shining Ht