24/02/2026
Imajine...
Imajine :
- Peyi a gen sekirite ;
- Gen travay k ap kreye ;
- Tout timoun al lekòl ;
- Gen touris k ap antre vin vizite bèl zòn nou yo ;
- Nou ajoute Tren kòm mwayen transpò modèn e rapid ;
- Tout wout yo fèt pa gen pousyè ;
- Tout rivyè yo netwaye ak fouye ;
- Pèp la, jenès la gen pouvwa d acha ;
- Chak awondisman gen yon Hôpital Communautaire de Référence (HCR) ;
- MIC/MTPTC ak SNGRS ankadre meri yo pou kenbe vil yo pwòp ;
- Plantè yo jwenn ankadreman e pwodui sifizamman manje pou tout Ayisyen manje ;
- Tout Sant komèsyal yo modènize, machann pa louvri komès atè ankò ;
- Gen kouran 24 sou 24, 7 sou 7, gen vi noktin ;
- Inivèsite piblik yo devlope lòt patenarya, yo genyen pwogram metriz nan enjeniri ak domèn nikleyè, nou sispann kale doktè nan literati pou bèl flè sèlman ;
- Salè minimòm lan vo 2.5 dola pou chak lè travay, sa ki bay $ 20 US pou jounen travay 8 èd tan an ;
- Pa gen raketè nan biwo Leta yo ankò, ou jwenn sèvis ou nan limit 3 a 10 jou pou pi plis ;
- Leta mete pwogram kredi disponib pou mwayèn antrepriz ak sa k fèk ap demare, san moun yo pa bezwen marenn ak parenn ;
- Pa gen bidonvil ankò, Leta trase plan zòn yo anvan moun abite yo ;
- Nou gen ase militè pou kontwole kot ak fwontyè nou yo ;
- Ayiti vin elijib pou monetize tout kont rezososyal paske , , ak tout lòt yo genyen syèj sosyal yo la a ;
- Ayisyen pa nan depanse pil milyon pou pati al chache lavi aletranje ankò ;
- Gen asirans vyeyès pou pèp la, bon jan prizanchaj pou granmoun ;
- Byennèt boujwa yo ak etranje yo ap jwi nan peyi nou an vin kolektif.
Jis imajine !
Tout sa w wè m di la yo se kèk reyalizasyon Pwojè Sosyete « Nouvèl Ayiti » a.
N ap goumen pou nou bati yon sosyete k ap kreye kondisyon Byennèt pou tout moun, jan Fondatè Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, te tabli modèl la. Yon lòt Ayiti posib ak yon lòt jenerasyon dirijan ki pa apatrid, ki konn kenbe grangou, ki pa abolotcho, ki eklere.
Nou se Platfòm Nouvèl Ayiti (PNA) 🇭🇹
Nou se Parti Lumière d'Haïti 🖤❤️
Mwen se Vénel BOZILE, yon Ayisyen konsekan k ap goumen pou konkretizasyon rèv Nouvèl Ayiti a.
Nou kapab ✊🏿
N ap fè l 🇭🇹
Jou a la.
Zansèt nou yo pa t batay pou granmesi.