Lachikòt Enfo

Lachikòt Enfo Jounalis se sa ki kenbe demokrasi.Se fòs pou chanjman sosyal pwogresif. Li dwe pale,pale Kounyaya la.
(1)

16/08/2026
👏SUMMER MARATHON NAN KOMIN LESTÈ.Sou inisyativ RI SIMÒN KONEKTE ak LESTÈ SE POU NOU TOUT ki se (2) strikti  ki gen anpil...
16/08/2026

👏SUMMER MARATHON NAN KOMIN LESTÈ.

Sou inisyativ RI SIMÒN KONEKTE ak LESTÈ SE POU NOU TOUT ki se (2) strikti ki gen anpil jèn fanm ak jèn gason ladan yo, pou yon lòt fwa SUMMER MARATHON rive fèt jodi samdi 15 dawout 2026 la nan sant vil lestè.

Depi 6 zè nan maten zòn gwo pon an, anpil jèn te gentan rasanble ak mayo blan pou demare ak aktivite sila.

Tracksound te gentan sou plas pou mete bon jan animasyon.
Nan sa ki gen a wè ak pakou SUMMER MARATHON an, jèn yo te kòmanse kouri depi sou gwo pon lestè a pou rive ODVA avèk anpil animasyon, apre sa yo te kase tèt tounen ankò nan sant vil lestè, pran wout nasyonal la nèt, rive devan legliz katolik la, antre nan ri Sevè, kontinye nan ri Simòn pou soti devan legliz nazareyen an epi pran wout nasyonal nimewo 1 an pou monte lot bò pon ankò. Plezi a te al kontinye nan kannal (cité des fleurs) a kote jèn yo te al benyen pandan y ap chante, danse nan respè yonn pou lòt.

Aktivite sila montre a klè nan lanmou, nan tèt ansanm nou ka fè anpil bèl bagay.Annou kite lanmou kontinye pran plas nan mitan nou, bali chèz pou l chita.Nan chita pale sa ak lanmou, gade m nan je, m ap gade w nan je epi n ap wè nou tout se pitit yon sèl manman ki se komin lestè. Nan pwen pyès pwogrè ki ka fèt nan divizion, fòs nou se nan linyon li ye tankou jan deviz nou di l la : L'UNION FAIT LA FORCE.
Nan moman an, lestè nan yon sitiyasyon difisil, lanmou, yonn konprann lòt, tèt ansanm, lapè se sa yo ki ka sovel.

Annou kouri dèyè tout fòs fè nwè ki vle divize nou. Nou tout se pitit lestè, se nan lanmou n ap rive sove lakay.

Mwen voye yon koudjay felisitasyon ak remèsiman pou gwoup jèn sa yo ki te mete aktivite sila sou pye jodi a. Devouman nou, espri inisyativ nou pwouve gen gwo lespwa pou lakay.

15 Dawout 2026
Roberto SAINTIL
🇭🇹🇭🇹🇭🇹LESTÈ DABÒ ann met men Police Nationale d'Haiti - PNH L'estere D'abord Radio Tele Fierté Moun Lestè Moun Lestè RADIO TETE A TETE Moun Lestè Fondation la Voix des Enfants de L'Estere - FVEE Patchouvag Plezinasyon Sanrélus Igenson Créole Roberto Saintil🇭🇹🇭🇹🇭🇹

16/08/2026



▶️Samdi 15 dawout 2026 lan, komin Lestè te chofe, anpil moun te reponn prezan nan aktivite *Summer marathon* ekip Ri_Simòn_konekte ak Lestè_Pou_Nou_tout te òganize nan lide pou rebay LESPWA ak yon kominote ki fin mouri sou pye!

▶️Anbyans lan t al fini nan kannal la nan zòn Ri Chalmay Peralt, anpil moun te kontan ti moman defoulman sa.

✅N ap fè w viv moman an ak kèk imaj!

16/08/2026

▶️Samdi 15 dawout 2026 lan, komin Lestè te chofe, anpil moun te reponn prezan nan aktivite *Summer marathon* ekip Ri_Simòn_konekte ak Lestè_Pou_Nou_tout te òganize nan lide pou rebay LESPWA ak yon kominote ki fin mouri sou pye!

▶️Anbyans lan t al fini nan kannal la nan zòn Ri Chalmay Peralt, anpil moun te kontan ti moman defoulman sa.

✅N ap fè w viv moman an ak kèk imaj!
la pou sèvi w👍

15/08/2026

Summer marathon 💃🏻💫🕺🏻
Lestè 15 dawout 💥🌿

SAMDI 15 OUT 2026 💃🏻🕺🏻✅
14/08/2026

SAMDI 15 OUT 2026 💃🏻🕺🏻✅

CONTACTEZJack'art,  le choix idéal pour vos designs.
08/08/2026

CONTACTEZ
Jack'art, le choix idéal pour vos designs.

Actua l'Estère: Yon nouvo vizyon pou devlopman ak pwomosyon Lestè
08/08/2026

Actua l'Estère: Yon nouvo vizyon pou devlopman ak pwomosyon Lestè

Nan yon epòk kote teknoloji ap chanje fason nou kominike ak devlope kominote nou yo, Actua l'Estère vini kòm yon platfòm modèn ki kreye ak objektif pou mete imaj Lestè an valè epi fè tout moun dekouvri richès li.

⏺️Team Legacy lanse yon kanpay netwayaj nan komin Lestè nan okazyon fèt patwonal la, inisyativ sa jwenn bravo lakontantm...
08/08/2026

⏺️Team Legacy lanse yon kanpay netwayaj nan komin Lestè nan okazyon fèt patwonal la, inisyativ sa jwenn bravo lakontantman tout popilasyon an.
Men moun yo swete gen plis jefò ki fèt paske san yon sit dechaj, se lave men siye atè paske popilasyon an pap neglije jete fatra nan rivyè Lestè a.

⏺️Pou moman an, mesye yo ap reflechi pou jwenn yon sit dechaj pou evite fatra yo tonbe nan rivyè Lestè a!

✅👏Men kouman yo mete zòn nan aprè netwayaj la!


🇭🇹🇭🇹🇭🇹LESTÈ DABÒ ann met men Radio Tele Fierté Moun lestèRADIO TETE A TETE L'estere D'abord Fondation la Voix des Enfants de L'Estere - FVEE Patchouvag Plezinasyon Sanrélus Igenson Créole🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Adresse

100, Route Nationale #1 (RN1)
Estère
HT4130

Téléphone

+50934418655

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lachikòt Enfo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Lachikòt Enfo:

Raccourcis

Partager