08/03/2026
Deklarasyon RPPD nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm, Rasanbleman Patriyòt Pwogresis pou Devlopman (RPPD) vle salye ak anpil respè ak rekonesans tout fanm ayisyèn yo, ansanm ak tout òganizasyon, enstitisyon ak estrikti nan sosyete sivil la k ap travay san pran souf pou pwomosyon, pwoteksyon ak rekonesans tout bon vre dwa fanm yo.
Jounen sa a reprezante pi plis pase yon senp selebrasyon senbolik. Li se anvan tout bagay yon moman espesyal pou nou reflechi ansanm sou batay fanm ap mennen toupatou nan mond lan pou diyite, egalite ak jistis. Li raple nou tou sakrifis tout moun sa yo ki, pandan tout istwa a, te kontribye pou fè kòz dwa fanm yo vanse epi louvri chemen libète ak egalite.
An Ayiti, depi tout tan, fanm yo jwe yon wòl fondamantal nan lavi sosyal, ekonomik, kiltirèl ak politik peyi a. Kit yo se manman, travayèz, antreprenè, militan oswa lidè kominotè, yo patisipe aktivman nan konstriksyon ak sivi nasyon an, souvan nan kondisyon ki difisil anpil. Malgre kontribisyon esansyèl yo nan devlopman peyi a, fanm yo kontinye ap fè fas ak anpil fòm inegalite ak diskriminasyon.
Konsa, RPPD rekonèt ke, malgre pwogrè ki fèt pandan dènye dizèn ane sa yo, gen anpil travay ki rete pou fèt pou nou rive jwenn yon vrè egalite ant fanm ak gason. Defi yo anpil toujou: aksè ekitab nan edikasyon, plis patisipasyon fanm nan lavi politik ak nan nivo kote desizyon ap pran, batay kont vyolans sou fanm, pwomosyon otonomi ekonomik fanm yo, ak ranfòsman mekanis jiridid k ap garanti pwoteksyon dwa yo.
Nan kontèks sa a, RPPD vle salye espesyalman travay remakab òganizasyon fanm yo, mouvman sosyal yo ak asosyasyon kominotè yo k ap mobilize nan plizyè rejyon nan peyi a pou diminye inegalite ak ankouraje jistis sosyal. Nan sans sa a, pati a eksprime yon rekonesans espesyal pou estrikti ak inisyativ ki angaje nan depatman Sidès, kote aksyon yo ap ede sansibilize kominote yo, defann dwa fanm yo epi favorize patisipasyon yo nan lavi sosyal ak ekonomik. Grasa angajman yo chak jou ak pwoksimite yo ak reyalite lokal yo, òganizasyon sa yo jwe yon wòl esansyèl nan chanje fason moun panse ak nan bati yon sosyete ki pi jis.
RPPD reyafime konviksyon li tou ke nou pa ka anvizaje yon devlopman dirab pou Ayiti san yon patisipasyon total fanm yo nan tout nivo nan lavi nasyonal la. Yon vrè demokrasi ka donnen sèlman lè tout sitwayèn ak tout sitwayen gen menm dwa, menm opòtinite ak menm kapasite pou yo patisipe nan desizyon ki konsène avni nou tout.
Nan jounen senbolik sa a, RPPD renouvle angajman li pou li sipòte tout inisyativ ki vize ranfòse egalite sèks, ankouraje diyite fanm yo epi ankouraje yo patisipe aktivman nan espas politik, ekonomik ak sosyal.
Pou fini, RPPD envite tout sosyete ayisyèn nan — enstitisyon piblik, òganizasyon politik, sosyete sivil ak sitwayen — pou yo kontinye fè efò ki nesesè yo pou nou bati yon peyi kote dwa fanm yo respekte totalman epi kote chak fanm ka viv, travay ak devlope tèt li nan diyite, sekirite ak egalite.
Pandan n ap selebre jounen sa a, n ap rann omaj ak fòs, kouraj ak rezistans fanm ayisyèn yo, ki se vrè poto mitan sosyete nou an ak aktè nou pa ka neglije pou avni peyi Ayiti.
Sekretarya RPPD