01/06/2026
Bonbon / Sante: Yon jounen klinik mobil reyisi pou popilasyon an lavèy tradisyonel fèt lanmè nan bonbon la
Jou ki te 31 me 2026 la, sou envitasyon gwoup skout “Saint-Louis de Gonzague” ki nan komin Bonbon, Direksyon Sanitè Grandans (DSGA), an patenarya avèk òganizasyon “Entre Aide Médical International (EMI)”, te òganize yon jounen klinik mobil nan Bonbon an prelid a fèt lokalite sa a.
Pandan jounen sila a, te gen konsiltasyon ak medsen jeneralis, jinekològ, ak sikològ. Pasyan yo te gen chans konsilte epi resevwa medikaman gratis.
Nan fen jounen an, pwofesyonèl sante EMI yo te pwofite fè sansibilizasyon sou Vyolans Ki Baze sou Genre (VGB). Yo te prezante tou nimewo ijans 8011 la, ki se yon liy vèt EMI ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), gras ak finansman AFD - Agence Française de Développement mete disponib pou bay sipò ak moun ki viktim anba kalite vyolans sa yo.
Pou fini, responsab kominikasyon DSGA a, Dr Schaïdhen CHÉRY, te pwofite pale de maladi DIFTERI epi ankouraje tout manman ak papa pou yo vaksinen pitit yo pou pwoteje yo kont maladi sa a.
Direksyon Sanitè Grandans voye yon gwo remèsiman bay EMI ki te pèmèt aktivite sa a posib gras ak sipò teknik ak finansye li. DSGA espere ke EMI ap kontinye rete yon patnè solid li kapab konte sou li pou pèmèt popilasyon Grandans lan jwenn pi bon aksè ak swen sante.