20/03/2026
#𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 #𝐌𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨⛈️🌊🌧️𝐯𝐚𝐧𝐝𝐫𝐞𝐝𝐢 𝟐𝟎 𝐦𝐚𝐬 𝟐𝟎𝟐𝟔.- Gran nò peyi a (Latibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès) ak gran Sid la ( Sid, Grandans, Nip), ansam ak kèk kote nan depatman Lwès, Sant, anba menas gwo lapli ak loray, nan finisman jounen an, aswè a jouk demen maten, poutèt yon fwon fwa ki chita nan peyi Kiba.
𝐴𝑘𝑡𝑖𝑣𝑖𝑡𝑒 𝑙𝑎𝑝𝑙𝑖 𝑠𝑎 𝑦𝑜 𝑘𝑎 𝑙𝑎𝑘𝑜̀𝑧 𝑖𝑛𝑜𝑛𝑑𝑎𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑏𝑟𝑖𝑡𝑠𝑜𝑢𝑘𝑜𝑢, 𝑔𝑙𝑖𝑠𝑚𝑎𝑛𝑛 𝑡𝑒̀. 𝑆𝑒 𝑝𝑜𝑢𝑡𝑒̀𝑡 𝑠𝑎, 𝐼𝑛𝑖𝑡𝑒 𝑖𝑑𝑤𝑜𝑚𝑒𝑡𝑒𝑦𝑜𝑤𝑜𝑙𝑜𝑗𝑖𝑘 𝐴𝑦𝑖𝑡𝑖, 𝑛𝑎𝑛 𝑡𝑒̀𝑡 𝑘𝑜𝑙𝑒 𝑎𝑘 𝑑𝑖𝑟𝑒𝑘𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑗𝑒𝑛𝑒𝑟𝑎𝑙 𝑃𝑤𝑜𝑡𝑒𝑘𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑠𝑖𝑣𝑖𝑙 𝑘𝑒𝑛𝑏𝑒 *𝑣𝑖𝑗𝑖𝑙𝑎𝑛𝑠 𝑗𝑜̀𝑛 𝑔𝑤𝑜 𝑙𝑎𝑝𝑙𝑖 𝑝𝑜𝑢 𝑑𝑒𝑝𝑎𝑡𝑚𝑎𝑛 𝑁𝑜̀, 𝑁𝑜̀𝑑𝑒̀𝑠, 𝑁𝑜̀𝑑𝑤𝑒̀𝑠, 𝐺𝑟𝑎𝑛𝑑𝑎𝑛𝑠 𝑎𝑘 𝑆𝑖𝑑.*
•Men kèk konsiy pou nou swiv :*
-Si w rete bò lanmè, bò ravin ak kote ki abitye inonde, pran dispozisyon pou w ale yon kote ki asire : lakay yon fanmi oswa yon vwazen ;_
-Pa janbe dlo k ap desan n ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin;_
-Mete zafè ak papye enpòtan w yo, yon kote ki asire pou yo pa pran dlo;_
-Swiv bilten meteyo ak tout konsiy otorite yo._
🟡