Ligue des Jeunesses Socialistes

Ligue des Jeunesses Socialistes Lig Jenès Sosyalis yo se estrikti jenès pati Alènativ Sosyalis (A*O).

Misyon prensipal LJS se fè pwomosyon ideyal sosyalis epi ankouraje emèjans jènn lidè fanm kou gason nan lavi politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi nou.

03/11/2022
Mwen felisite Fritz A.Jean ak Steven I.Benoît ki gen gwo reskonsablite dirije Tranzisyon Ripti a .Mwen pwofite felisite ...
31/01/2022

Mwen felisite Fritz A.Jean ak Steven I.Benoît ki gen gwo reskonsablite dirije Tranzisyon Ripti a .Mwen pwofite felisite tou Edgar Leblanc,Bonivert Claude ak Iswick Théophin pou sans angajman repibliken yo.Mwen remèsye sitou kanmarad ki te pote kandidati m .

Mesaj Jean-Hénold "Janjan" ButeauMwen salye tout konpatriyòt Ayisyèn ak Ayisyen ,ni sa ki anndan ,ni sa ki deyò peyi a. ...
21/01/2022

Mesaj Jean-Hénold "Janjan" Buteau

Mwen salye tout konpatriyòt Ayisyèn ak Ayisyen ,ni sa ki anndan ,ni sa ki deyò peyi a. Mwen pa p manke salye tou kouraj Pèp la nan lit l ap mennen pou byennèt ak souvrènnte li . Mwen salye tou memwa tout moun ki tonbe pou kòz sa a.

Mwen se Jean-Hénold Buteau . Zanmi , fanmi ak kanmarad politik rele mwen Janjan .

Mwen se medsen epi pòt pawòl Altènativ Sosyalis A*O. Men tou, Mwen se yon moun ki angaje depi plizyè lanne nan batay pou ride transfòme kondisyon lavi konpatriyòt Ayisyèn ak Ayisyen mwen yo .

Mwen ap enfòme tout moun alawonnbadè mwen depoze pyès mwen ofisyèlman pou vini Premye Minis nan Kad Akò Montana a .

Mwen pwofite di nou Kandidati mwen enskri tèt li nan pèspektiv angajman mwen ak òganizasyon k ap sipòte m yo pran pou tabli nan peyi a yon tranzisyon koupe fache ki ranmase revandikasyon fondalnatal pèp Ayisyen an.

Revandikasyon sa yo te eksprime klèman nan tout mobilizasyon kont Koripsyon épi pou tabli demokrasi tout bon vre ,men tou pou sekirite, pwosè masak yo,pwosè gagòt ki fèt nan lajan CIRH ak Petwokaribe a ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an

Nou dwe mete ponyèt pou remete Ayiti cheri nou an sou bon ray.

Dr Jean-Hénold Buteau
Kandida pou premye minis anba Akò Montana a

https://youtu.be/EclHdCXfqQw
18/04/2021

https://youtu.be/EclHdCXfqQw

* PA RATE NOUVÈL KI KONSÈNE AYITI, EMISYON PREFEREW LA WAP JWENN LI SOU CHÈN SILA. * ABÒNE NOU AK CHÈN NAN & AKTIVE KLOCH (🔔) LA POU NOU PA RATE VIDEO AK PR...

Entèviyou lidè sosyalis ayisyen an Jean Hénold Buteau
16/04/2021

Entèviyou lidè sosyalis ayisyen an Jean Hénold Buteau

Adresse

23 Ruelle Berne
Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ligue des Jeunesses Socialistes publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager