NOU Ansanm

NOU Ansanm Le parti NOU incarne l’espoir d’un renouveau haïtien, fondé sur justice, démocratie et progrès. La jeunesse et la solidarité forgent un avenir digne.

𝐆𝐎𝐔𝐕È𝐍𝐀𝐍𝐒 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐋𝐞𝐭𝐚 𝐬𝐨𝐥𝐢𝐝Gouvènans se fason yon sosyete òganize pouvwa, pran desizyon, jere resous piblik, epi rann k...
03/08/2026

𝐆𝐎𝐔𝐕È𝐍𝐀𝐍𝐒 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐋𝐞𝐭𝐚 𝐬𝐨𝐥𝐢𝐝

Gouvènans se fason yon sosyete òganize pouvwa, pran desizyon, jere resous piblik, epi rann kont devan sitwayen yo. Li pa menm bagay ak egzèse pouvwa sèlman. Gen moun ki ka gen pouvwa san yo pa pratike bon gouvènans ditou.

Bòn gouvènans mande bon vizyon, règ ki klè, transparans, responsabilite, kontwòl ak respè pou enstitisyon yo.

Nan reyalite peyi a, anpil kriz pa soti sèlman nan mank lajan oswa mank konpetans. Yo soti tou nan move fason desizyon yo pran, resous yo jere, enstitisyon yo respekte, ak enterè pèsonèl ki souvan pase anvan enterè kolektif.

Lè gouvènans lan fèb, Leta vin nan enpwovize, administrasyon an vin dezòdone, epi konfyans sitwayen yo diminye.

Daprè sa Bank Mondyal di, bonjan gouvènans se youn nan pi gwo faktè ki eksplike kwasans ekonomik, estabilite politik ak kalite sèvis piblik nan anpil peyi.

Sitwayen yo dwe egzije Bòn GOUVÈNANS

Bòn gouvènans pèmèt Leta sèvi olye li domine, planifye olye li reyaji, kontwole olye li tolere abi. Li bay demokrasi fondasyon li, paske demokrasi pa sèlman vote; se enstitisyon k ap fonksyone, lwa ki respekte ak dirijan k ap rann kont.

Bòn Gouvènans selon òganizasyon nasyonzini gen yon valè nòmatif epi li dwe chita sou evalyasyon.

Pou Pati NOU, bòn gouvènans lan se yon zouti fondamantal nan devlopman ak konstriksyon nouvèl Ayiti n ap kleyonnen an. Se li k ap pèmèt nou reòganize kalite lavi tout ayisyen san paspouki, k ap rann Leta sèvi enterè tout nasyon an pou rebati fyète ak diyite nou anba je tout lòt nasyon yo sou latè beni!

𝐊𝐄𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐏𝐎𝐔 𝐑𝐄𝐅𝐋𝐄𝐂𝐇𝐈 :

Ki kalite gouvènans nou vle bati pou Leta tounen yon zouti sèvis piblik olye li rete yon espas dezòd ak privilèj?

28/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐯𝐨𝐥𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥Revolisyon mantal peyi a bezwen an pa ka fèt san transparans. Paske transparans pa sèlma...
28/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐯𝐨𝐥𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥

Revolisyon mantal peyi a bezwen an pa ka fèt san transparans. Paske transparans pa sèlman yon mekanis administratif, men tou, lise yon fason pou konprann pouvwa, sèvis piblik yo ak responsabiliteyo. Li mande pou nou sòti nan kilti sekrè, favè, aranjman ak enpinite, pou nou antre nan kilti verite, merit, kontwòl ak rann kont.
Yon peyi kote tout bagay fèt nan fènwa pa ka bati konfyans. San konfyans, pa gen envestisman serye, pa gen enstitisyon solid, pa gen demokrasi ki dire, epi pa gen devlopman ki ka rive lwen. Reyalite Ayiti montre sa klè: dapre « Transparency International », peyi a kenbe menm nòt 16 sou 100 depi 2024 epi li klase 169yèm sou 182 peyi nan Endèks Pèsepsyon Koripsyon an, sa ki mete l pami peyi kigen pi gwo defi nan domèn transparans. Se poutèt sa transparans se pa yon liks; li se yon nesesite pou rebati konfyans ak Leta.
Men transparans pa dwe sèlman mande nan men Leta. Sitwayen yo dwe aprann viv li tou : nan òganizasyon yo, nan kominote yo, nan pati politik yo, nan antrepriz yo ak nan fason yo jere responsabilite yo. Yon sosyete ki vle dirijan transparan dwe fòme sitwayen ki patolere manti, magouy, fo rapò, gaspiyaj ni abi konfyans.
Pou Pati NOU, transparans se yon chwa istorik. Se fondasyon bon gouvènans, chemen pou rekonstri konfyans ant pèp la ak enstitisyonyo, epi youn nan poto mitan revolisyon mantal la.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 𝐚𝐤 𝐚𝐧𝐠𝐚𝐣𝐦𝐚𝐧 :

Ki angajman transparans ou pare pou pran, depi jodi a, pou edebati yon kilti politik ki pi serye, ki pi jis ak ki pi responsab?

Nan dat 16 jiyè 2026, Pati NOU (Nationaux Organisés et Unifiés) te òganize yon reyinyon ak Kowòdinasyon Depatmantal Plat...
21/07/2026

Nan dat 16 jiyè 2026, Pati NOU (Nationaux Organisés et Unifiés) te òganize yon reyinyon ak Kowòdinasyon Depatmantal Plato Santral la, anba direksyon Geranès BELIZAIRE. Chita pale sa te reyini Kowòdinasyon Nasyonal la ansanm ak reprezantan uit (8) kowòdinasyon kominal sou trèz (13) ki nan depatman an. Responsab Finans pati an Fresny Honoré te fè kèk anons enpòtan ak yon prezantasyon sou ideyoloji Pati a, sitiyasyon finansyè li ak enpòtans angajman chak manm nan devlopman òganizasyon an. Anpil lòt sijè te anime deba yo.

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬, 𝐥𝐢𝐝è𝐜𝐡𝐢𝐩 𝐚𝐤 𝐟ò𝐬 𝐞𝐠𝐳𝐚𝐧𝐩Transparans pap la toutan si pa gen lidèchip ki bay bon egzanp. Yon lidè ki mande pèp...
21/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬, 𝐥𝐢𝐝è𝐜𝐡𝐢𝐩 𝐚𝐤 𝐟ò𝐬 𝐞𝐠𝐳𝐚𝐧𝐩

Transparans pap la toutan si pa gen lidèchip ki bay bon egzanp. Yon lidè ki mande pèp la fè l konfyans, men ki pa vle rann kont, pa ka bati yon Leta serye. Transparans kòmanse lè moun ki gen responsabilite yo aksepte montre kijan yo deside, kijan yo jere resous piblik yo, epi kijan yo reponn devan lalwa ak devan konsyans sitwayen yo.
Lè aksyon Lidè yo klè, li bay yo plis lejitimite devan je pèp la.
Lidèchip se pa kache enfòmasyon pou pwoteje imaj. Lidèchip se gen kouraj pou eksplike, korije, rapòte, epi rekonèt sa ki dwe amelyore. Nan peyi kote dirijan yo rann kont regilyèman, konfyans sitwayen yo ogmante, enstitisyon yo vin pi solid, epi koripsyon jwenn mwens espas. Yon dirijan transparan pa pè kontwòl, paske li konnen kontwòl se pa yon atak; se yon garanti kredibilite.
Nan fonksyònman Leta, transparans lidè yo bay administrasyon an direksyon. Lè minis, direktè, majistra, palmantè, fonksyonè ak responsab piblik yo travay ak klète, entegrite ak egzanp, yo voye yon mesaj bay tout sosyete a : sèvis piblik pa fèt pou enterè pèsonèl, men pou enterè kolektif.
Yon pati politik dwe yon bon modèl tranparans!
Pati politik ki vle dirije dwe pratike transparans anndan pwòp estrikti li tou. Li dwe montre disiplin, metòd, kontwòl, merit ak responsabilite. Paske yon pati ki pa transparan nan òganizasyon li pa ka bati yon kilti transparans ni pwomèt bon gouvènans lè li rive sou pouvwa. Se pou sa NOU sèmante 7fwa 77 fwa, poun travay chak jou pou transparans la rete yon kilti nan mitan nou.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 :
Ki nivo transparans nou dwe egzije nan men yon moun ki di li vle sèvi peyi a?

21/07/2026
𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐤ò𝐦 𝐤𝐢𝐥𝐭𝐢, 𝐩𝐚 𝐤ò𝐦 𝐝𝐞𝐤𝐨𝐫𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧Twò souvan, transparans sèvi kòm bèl pawòl nan diskou, men li pa antre nan lavi ...
17/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐤ò𝐦 𝐤𝐢𝐥𝐭𝐢, 𝐩𝐚 𝐤ò𝐦 𝐝𝐞𝐤𝐨𝐫𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧

Twò souvan, transparans sèvi kòm bèl pawòl nan diskou, men li pa antre nan lavi òganizasyon nou yo. Gen moun ki pale de transparans sèlman lè yo bezwen konvenk, men yo refize l lè yo dwe rann kont. Vizyon sa a fè transparans tounen dekorasyon politik, olye li vin yon abitid enstitisyonèl.
Transparans kòm pratik vle di tout desizyon piblik dwe gen tras, tout depans dwe ka verifye, tout responsabilite dwe klè, epi tout moun kap jere byen kolektif dwe aksepte kontwòl. Se pa yon favè dirijan fè sitwayen; se yon dwa pèp la genyen. Lè yon resous se resous piblik, pèp la gen dwa konnen kijan li antre, kijan li soti, ak ki rezilta li bay.
Rezilta transparans se gwo avantaj pou sosyete yo
Nan anpil peyi ki fè transparans tounen yon règ, sèvis piblik yo vin pi efikas, konfyans sitwayen yo ogmante, koripsyon diminye, epi ekonomi an vin pi solid. Pa egzanp, dijitalizasyon ak bon kontwòl nan kèk administrasyon pèmèt ekonomize jiska 2% PIB chak ane, pandan lòt refòm ogmante konfyans popilasyon an nan enstitisyon yo soti anba 10% pou rive plis pase 80%.
Itilize pi bon zouti ak metòd
Bati transparans mande lwa, teknoloji, kontwòl, edikasyon sivik ak volonte politik. Men anvan tout bagay, li mande yon chanjman mantal : sispann wè enfòmasyon piblik kòm byen prive, paske yon Leta ki rann kont se fondasyon devlopman dirab ak konfyans ant pèp la ak enstitisyon yo.

Kesyon pou reflechi :
Ki abitid nou dwe chanje ak ki desizyon nou dwe pran pou transparans pa rete nan diskou, men pou li vin yon pratik nòmal nan lavi piblik?

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐤ò𝐦 𝐛𝐚𝐳 𝐤𝐨𝐧𝐟𝐲𝐚𝐧𝐬 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤Limyè solèy la se pi bon remèd kont move pratik. Se konsa otè Louis D. Brandeis te re...
10/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐤ò𝐦 𝐛𝐚𝐳 𝐤𝐨𝐧𝐟𝐲𝐚𝐧𝐬 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤

Limyè solèy la se pi bon remèd kont move pratik. Se konsa otè Louis D. Brandeis te rezime enpòtans transparans. Transparans se youn nan prensip fondamantal tout Leta ki vle fonksyone ak diyite. Li pa vle di pale anpil, men mete verite a disponib, rann desizyon yo klè, epi pèmèt sitwayen konnen kijan resous piblik yo ap jere.

Nan lavi piblik, depi pa gen transparans, konfyans disparèt. Lè pèp la pa konnen kijan desizyon yo pran, kijan lajan Leta depanse, oswa kijan kontra yo bay, espas la louvri pou sispisyon, koripsyon ak abi pouvwa. Yon Leta ki pa transparan pèdi otorite moral li, menm lè li gen otorite legal.
Transparans pa febli pouvwa; okontrè, li rann li pi lejitim. Li fè enstitisyon yo pi kredib, fòse dirijan yo rann kont, epi bay sitwayen yo kapasite pou kontwole san kraze.

Se pa yon aza si Dànmak, ki jwenn 89/100 nan Endèks Pèsepsyon Koripsyon an, rete pami peyi ki gen plis konfyans piblik; tandiske plis pase 2 sou 3 peyi ki gen nòt anba 50/100 ap fè fas ak gwo pwoblèm koripsyon.
Pou Pati NOU, transparans se pa yon slogan. Se fondasyon yon Leta serye, yon administrasyon responsab, ak yon nouvo relasyon ant sitwayen ak pouvwa piblik.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢
Ki jan nou ka mande konfyans nan men pèp la, si nou pa pare pou mete verite sou fason Leta ap fonksyone?

Ayiti bezwen tout pitit li yo.NOU pa sèlman yon pati politik.Se yon mouvman sitwayen, yon dinamik sosyal  ki vle rebati ...
03/07/2026

Ayiti bezwen tout pitit li yo.

NOU pa sèlman yon pati politik.

Se yon mouvman sitwayen, yon dinamik sosyal ki vle rebati peyi a sou baz:

✔ Merit
✔ Onètete
✔ Konpetans
✔ Jistis sosyal
Nou envite w pran plas pa w nan chanjman an.

Avni Ayiti kòmanse avèk angajman nou chak, jodi a menm !

Pou peyi a. Avèk pèp la. Pou patri a.

Konpatriyòt,Pati N.O.U salye w ak tout lonè ak respè.Jodi a, premye jiyè, nou antre nan setyèm (7èm) mwa yon ane ki pote...
01/07/2026

Konpatriyòt,

Pati N.O.U salye w ak tout lonè ak respè.

Jodi a, premye jiyè, nou antre nan setyèm (7èm) mwa yon ane ki pote anpil eprèv pou pèp ayisyen an. Malgre ensekirite, lavi chè, chomaj ak anpil lòt difikilte, nou pa dwe janm pèdi kouraj ni espwa.

Pati N.O.U vle raple chak sitwayen yon verite enpòtan: ou pa poukont ou. Chanjman pa fèt ak pawòl sèlman; li mande angajman, inite ak aksyon. Se poutèt sa Pati N.O.U pran angajman pou kontinye travay ak tout fòs li pou konstwi yon peyi kote chak sitwayen jwenn plas li, viv ak diyite, nan lapè, sekirite, pwogrè ak byennèt.

Si ou deja se manm Pati N.O.U, kontinye kanpe fèm bò kote nou. Si ou poko manm, se moman pou rejwenn nou. Rantre nan yon nouvo pati politik ki konsyan epi patriyòt, ki deside konstwi yon lòt klas politik. Ansanm, ann fè rèv la vin reyalite epi bati Ayiti nou tout reve a.

Kenbe djanm, rete pozitif, kenbe espwa vivan! Nou swete nou tout yon bon mwa jiyè.

Adresse

17, Rue Dalencourt, Bourdon
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque NOU Ansanm publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager