04/02/2024
Jodi a se 4 fevriye, jounen mondyal kont kansè
Chak ane, jounen sa pèmèt sansibilize tout moun alawonnbadè sou maladi sa e raple ki ravaj l ap fè nan lemonn.
Dapre statistik Ajans Entènasyonal ki ap fè Rechèch sou Kansè (IARC) fenk sòti pou láne 2022, ta gen plis pase 13000 moun ki gen kanse chak ane an Ayiti, ak plis pase 9000 moun ki ta mouri anba li chak ane. Plis pase 23000 moun ta ap viv ak kansè an Ayiti. Kidonk, chif yo ogmante pa rapò a sa 2020 yo.
Gen anpil pwoblèm pou rezoud nan sistèm sante ayisyen an pou nou byen goumen kont kansè, ki se :
1) Absans pwogram depistaj ak sansibilizasyon pou edike popilasyon an sou kisa kansè ye, kijan pou yo detekte li bone e kijan pou yo prevni li ;
2) Mank pwofesyonèl lasante ak sant ki espesyalize nan tretman kansè pou bay moun ki gen maladi sa bon jan laswenyay;
3) Mank medikaman pou trete kansè, paske yo pa disponib oubyen yo koute twò chè;
4) Absans radyoterapi, yon tip tretman pou kansè 6 sou 10 pasyan ak kansè an Ayiti bezwen pran;
5) Absans statistik nasyonal sou kansè paske rejis kansè a p ap fonksyone;
6) Mank volonte politik dirijan nou yo, ki pa bay kansè priyorite nan pwogram sante yo.
Depi 3 láne deja, tèm jounen sa se “Close the Care Gap” (redwi eka nan jan y ap trete kanse nan lemond), paske peyi kote ka kansè yo pi grav pa gen bon jan swen disponib. Ayiti se youn nan peyi sa yo. Kidonk vre batay la se asire gen bon jan laswenyay pou moun ki gen kansè tout kote sou latè.
Li lè li tan pou leta ayisyen deklare kansè yon pwoblèm sante piblik ! Otorite yo dwe monte prese prese yon plan nasyonal pou goumen kont kansè, epi mete li an aplikasyon SOU TOUT TERITWA A. Plan sa dwe plis chita sou sansibilizasyon, edikasyon popilasyon an, depistaj ak prevansyon. Lè sa ka kansè yo ap redwi oubyen n ap dekouvri yo pi bonè.
Si nou dakò ak mesaj sa a, pataje li pou l ka rive nan je otorite nou yo.
Ou kapab ekri mesaj pa ou tou ! Anplis, gen 3 lòt bagay nou ka fè:
1) Tag enstitisyon nasyonal ak entènasyonal sa yo pou mesaj ou a ka rive sou yo:
2) Mete hashtag sa yo apre mesaj ou a:
3) Rann omaj a yon fanmi oubyen yon zanmi ki ap goumen ak kansè oubyen ki mouri akoz kansè.
Annou goumen ansanm pou nou kwape kansè an Ayiti !
Ministère de la Santé Publique et de la Population Hôpital Saint François de Sales OPS/OMS Haïti World Health Organization (WHO) GSCC C3G Centre de Traitement du Cancer et de Chirurgie Générale Haiti Health Ministries Zanmi Lasante Radio Magik9 Radio Television Caraibes Le Nouvelliste Haiti AyiboPost UICC - Union for International Cancer Control ABC Global Alliance AFD - Agence Française de Développement International Atomic Energy Agency (IAEA)