31/05/2026
Nan okazyon Fèt Manman yo, mwen salye avèk anpil respè ak rekonesans tout manman atravè mond lan, espesyalman manman k ap viv nan sikonskripsyon Chadonyè/Lèzanglè ak nan tout lòt seksyon yo.
Manman yo se poto mitan fanmi yo, fòs ki kenbe kominote nou yo vivan, epi yo se nanm sosyete a.
Jodi a, mwen rann omaj ak kouraj, sakrifis, devouman ak lanmou san mezi tout manman yo. Mwen renouvle angajman mwen pou m kontinye pote vwa nou pi wo, pou nou jwenn plis opòtinite, plis sekirite, plis respè ak pi bon kondisyon lavi.
"Manman yo se rasin lavi a, yo se sous espwa ak fòs yon pèp."
_Bòn Fèt pou tout manman cheri mwen yo!_ 🌷🇭🇹
*Viv Ayiti! Viv tout manman responsab yo!*
_Diemson Beris_