21/09/2022
💥💥💥💥💥💥💥💥💥💥💥💥
Ou souvan ap poze tèt ou kesyon Eske'l renmen'm vre? Kijan'm ka fè wè sa? Jodi a mw vin baw 6 gro prèv damou
Pou'n kòmanse kisa ki yon prèv damou? Poukisa nou toujou anvi prèv damou? Prèv damou yo se souvan kèk aksyon ki pou prouve kew renmen moun nan tout bon
Nou toujou bezwen prèv Pou'n ka plis santi nou an sekirite nan relasyon an Pou'n ka konnen eske'n mèt livre kè nou san gade dèyè
Prèv yo anpil epi yo varye gen ti prèv tankou Sipriz flè⚘kado mennen sòti yon ti mo dou pafwa yon ti bizou sèks ti jalouzi ect..
"" Men gen gro prèv jodi a nou vin pote 6 pi gro prèv yo pou ou""
""▪1- Aksepte'w jan'w ye a Yon moun ki renmen'w ak tout kalite'w ni defo'w San'l pa janm diw pou vin yon lòt moun San'l pa janm nan konparew a e Ex li Ou fèl tout sal pa vle men li toujou renmen'w Ou pa konn fe romans men li toujou renmen'w Yon moun ki pa gade sou bote'w ni fòm ou ni mwayen ekonomik ou Sa se yon gwo prèv lanmou""
""▪2- Chanje pou ou Yon moun ou wè ki chanje konpòtman'l pou ou li renmen'w tout bon Yon fanm pye'l te lejè pandan'l avèw ou wèl chanje konnen'l renmen'w tout bon Yon nèg kite vagabon ou wel genyen'w selman konnen'l renmen'w Yon moun ki chanje tout sal te konn fè poul ka viv avèw konnen'l renmen'w vre li moutrew li bay lanmou an plis enpòtans ke sal te konn fèyo""
""▪3- Toujou prezan pou ou chak moman Yon moun ki toujou la pou ou Ni lèw tris ni lèw kontan ni lèw an sante ni lèw malad ni lè tout moun vire do ba ou konnen moun sa renmen'w tout bon""
""▪4- Toujou vle relation an dire Yon moun lèw nan kont avèl Li pap palew de kite Li pap pale avèw tankou son moun kite vin fon kou Lap toujou vle rezoud tout ti problèm pou relation an ka avanse pou pi devan""
"5- Prè pou'l andire tout problèm Yon moun ki pa pè pran problèm paran pou ou Yon moun ki pap tande sa moun legliz ap di pou fel kite'w Yon moun ki pap gade sou ran sosya'l ou Yon moun ki pap peur pale de ou tout kote'l pase e ki pap peur afiche'w Yon moun tout zanmi'l e fanmi'l abandone'l pou ou malgre sa li rete la Ou met kwe moun sa renmen'w tout bon"
"▪6- Aksepte baw bag Chwazi pran yon moun pou lal fè tout rès vi li nan kay avèw se pa yon bagay fasil Yon moun ki chwazi mandew sa son moun ki renmen'w vre son moun ki vle fè rès vil nan de braw"
"Ou pap jan'm jwenn tout prèv sa yo Nan men moun ki vin fè week-end nan viw Nan men moun kap tchip avèw, Depi'w jwenn tou le 6 prèv sa yo pa pè damou"
"Men toujou priye paske l'homme ka chanje a nenpòt kilè"