06/07/2020
*Yon pwofesyonèl dwe gen sa yo rele etik*, nenpot sa m reyalize ak yon moun pandan m te nan SMCRS ou byen nan sa ki gen pou wè ak zafè pèsonèl , *mwen pa mache di sa*.
Kòm tout moun ka remake sou rezo sosyo yo ke gen yon *konvèzasyon telefonik kote mwen tap pale ak Edmond Radio Caraibes* poum te klarifye yon pwen esensyèl ak li . Map tou profite di ak Emmanuel Jean Francois ki se Manno pran responsablite l piga li angaje m nan pwoblèm li ak zanmil Edmond e lòt konfrè li yo nan radio Caraibes ; *menm lè li ta okouran de yon aktivite ou byen yon jès kem fè ak nenpòt ki moun li pa sipoze pran sa poul jere koze l*.
Edmond non plis pa gen rezon poul anrejistre yon konvèzasyon kem te gen ak li nan telefòn pou l mete l nan la ri nan lojik poul defann tèt li , ou di a klè ou pat janm gen relasyon ak mwen profesyonèl ou amikal , ou fini; men lè ou anrajistre vwam pou rann li piblik san konsantman mwen nan lide pou jere dotr choz, sa pa bon. E map fini pou m redi amkòr m poko janm reyalize anyen ak pèson poum mache di sa m plis vle defann moun nan.
*Magalie HABITANT*
*Pèsonalite piblik*
“Yon pwofesyonèl dwe gen sa yo rele etik, nenpot sa m reyalize ak yon moun pandan m te nan SMCRS ou byen nan sa ki gen pou wè ak zafè pèsonèl , mwen pa mache di sa. Kòm tout moun ka remake sou rezo sosyo yo ke gen yon konvèzasyon telefonik kote mwen tap pale ak Edmond Caraïbes.”