26/11/2021
M gradye nan "Universidad Católica Santo Domingo" ak yon lisans nan "Ingeniería de Sistemas (Jeni Sistèm)". Jèn ti gason boure ak enèji. Tout lèm nan Inivèsite m gentan fè anpil eksperyans nan devlope Wèbsit, devlope Aplikasyon mobil pou diferan konpayi, etc.
Mantre Ayiti ak ti fransèm sou pwent bouch mwen, boure ak konesans, m di tèt mwen pa gon fason poum pa jwenn on travay, paske m pap baw manti m metrize odanitè an, m ka fèmen jem map tape.
Frèzesè byenneme ou pa mandem se mwen kap diw. M mache depoze CV depi se kote ou konnen yo ka bezwen yon enjenyè.
Gen kotem rive yo pa menm pranl nan menm yo dim voyel an liy, gen kote tou, se ajan sekirite an ki pranl nan menm😄. Jiska dat map pale avèw la m poko janm jwenn yon apèl pou entèvyou😂. M sonje genyen vye zanmi mwen Joel Felix ST Joy ki dim Moreno se kòve wap fè, Ayiti ou pa depoze CV se bay ou bay depoze CV pou ou.
Men tout lèsa m pa janm bese le bra, m toujou ap fè freelancing pou diferan konpayi. 2 an aprè m jwenn yon Inivèsite Etazini ki pwomèt mwen poul fèm jwenn yon prè poum vin fè yon metriz lakay yo e aprè metriz lan ma peye yo lèm jwenn travay.
Ou pral sezi tande ke li te pi fasil pou yon bank Etazini te aksepte pretem a travè Inivèsite an anviwon $40,000 poum vin etidye ke poum te jwenn yon entèvyou nan pwòp peyim. Efektivman m antre Etazini. M sonje nan premye klas ke map bay nan Inivèsite an pwofesè an di li bezwen 2 asistan e li mande nou voye CV nou pou li, dam sa se te yon Endyèn. M pap baw manti m pat voye CV paske nan klas sa ou jwenn tout kalite peyi, End, Etyopi, Bimani, etc. Gen nan nèg yo ki gen jiska 15 an eksperyans, CV mwen pa tap ka kanpe devan pa nèg sa yo. Tande, se anlè m fè klas sa pase, m kwè m te pasel a 98/100. Nan yon pwochen klas nou vin jwenn menm pwofesè an, li bezwen 2 asistan ankò, fwa sa li di voye non nou nou pa bezwen voye CV paske li konn kapasite tout moun. Ebyen m se youn nan 2 moun li te chwazi yo.
Aprè metriz lan nan de tan twa mouvan m pa gen kote poum resevwa apèl, tèlman konpayi ap relem. Finalman m vin jwenn yon djòb nan youn nan pi gwo bank ki genyen isit Etazini.
M pa bezwen diw konbyen yo tap peyem, men sofke ou ka wè lavim chanje 😍.
M fè pòs sa, se poum diw pa kite pyès moun fèw konprann ke barikad se avniw. M garantiw si te gen avni dèyè barikad se pa ou yo tap mete, se madanm yo ak pitit yo ou tap jwenn la. Dayè èskew wè yo te envitew nan prestasyon sèman nouvo minis yo? Depi se kote ou wè yo pa envitew konn se la ki gen avni an. Pa al chita Channmas pou al voye wòch pou vagabon. Grangou an di se vre, men pran kè, ranpli tèt ou, entènèt lan chaje ak resous. Sispann pèdi tanw nan bagay ki pa ka itil ou anyen. Kòmanse jodia, menmsi yo diw an Ayiti lekòl pa bay, pa enkyetew ou sou ban resèv, yon jou kou jodia la Repiblik ap bezwenw e lap fè apèl avèw.