31/05/2026
Kowòdinasyon Kominal Mouvman Jenès EDE nan komin Tigwav te reyalize yon seyans lizay ayè samdi 30 me 2026 la, pou akeyi, entegre epi prezante nouvo manm yo nan Mouvman an. Aktivite sa a te pèmèt yo pi byen konprann vizyon, misyon ak valè Mouvman Jenès EDE, epi ranfòse angajman yo nan batay pou transfòmasyon peyi a.