Jim le poète

Jim le poète Jimmy Augustin : Poète

mwen fèt yon dimanch 3dawout 1986 nan lakou pòtoprens, mwenta pral pran gou pou pwezi depi an klas primè men foli an ta pral ogmante nan klas segondè an 3èm gen yon pwof literati k te bay yon devwa ki se te ekri yon text men tit la se te : FEMME, devwa pam lan te fè pati 3 meyè yo e pwof Caïdor Dorothy la te konplimite konsa : timesye sa yo ka vin yon bon ekriven wi e depi mwa an mw pat sispann e

kri malgre yo te manke fon ak fòm, yo te manke metodoloji nosyon ak paramèt koz mw pat janm gen chans patisipe nan yon atelye mwen te plis ale nan bibliyotèk poum li powèt yo; mwen fè lide plizyè fwa poum ta soti yon rekèy men m tj santi m pa gen twop matirite ase pou sa, mwen te ekri anpil lèm nan pwoblem, lèm vle pale pou peyi m ak lè lanmou mal chita nan kè m, an 2014 mwen ta pral swiv yon slameur malgre m potko rekonèt li , nou te vin kwaze an 2016 mw te telman kontan jou m te kwaze atis la, nou pat sispann echanje ide, nou bouske sou facebook mwen tal kwaze yon tizanmim ki relem BA-B-Bev ki ta pral fem entegre yon forum yon gwoup whatsapp chaje ak yon bann gwo powèt tankou Toli, Larim, Steevenson-Tilus , Selmy, Bev etc, lèm tap li text moun sa yo mw te konprann ke m gen anpil bagay poum amelyore nan ekri pwezi, men amitye ak Patrick-Fer CoeurRimé pat sispann e mw pat sispann fè foli pou slam, mw marye tout lide yo, an 2017 mw vin pi pwoch Patrick e nan plede pran plezi pou goute bel slam li yo mwen te santi yon angouman poum fè slam, , mwen renmen an jeneral l'art e mwen vle enplike nan tout mouvman ki kole kole ak literati koz se pasyon primè mwen , lanmou m pou pwezi sa li enkomansirab

Fils du ghetto
22/02/2022

Fils du ghetto

m toujou reprezante ghetto a
22/02/2022

m toujou reprezante ghetto a

mizik sove vim
22/02/2022

mizik sove vim

sa k te vèt kap mi
22/02/2022

sa k te vèt kap mi

13/02/2022

TOGETHER AS ONE

mwen se 5% talan, rès la se kè se nanm ak sakrifis
13/02/2022

mwen se 5% talan, rès la se kè se nanm ak sakrifis

Talan pa sifi, konsiderem beni
13/02/2022

Talan pa sifi, konsiderem beni

21/01/2022
21/01/2022
08/01/2022

Adresse

Mariani
RUELLEIMMACULÉE

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jim le poète publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager