22/08/2026
Peyi a ap konnen yon pakèt kriz depi bon bout tan; kriz sosyal, politik, ekonomik, sekiritè ak edikasyonèl. Sa ki febli tout enstitisyon leta yo nan tout fondman yo.
Depi aprè ripti avèk rejim tonton makout la nan lane 1986, pran chimen devlopman reyèl epi dirab vin pi difisil pou peyi a paske Ayiti tounen chak jou pi plis yon espas envivab akoz kalite chomaj, grangou, ensekirite, masak, move gouvènans, egzòd riral elatriye. Konsta sa yo fè m konprann pou reponn ak difikilte sa yo epi poze baz chajman reyèl la, li nesesè pou gen bon jan lwa ki elabore, vote epi aplike ak tout rigè posib pou ranfòse sekirite, agrikilti ak sistèm edikasyon peyi a.
SEKIRITE: se premye kondisyon pou devlopman fèt nan nenpòt peyi. Dayè youn nan gwo misyon leta a genyen se sekirize teritwa a ak moun k ap viv sou teritwa a paske san sekirite, pap gen lavi sosyal ki estab, pap gen envestisman k ap rive fèt, pap gen pwodiksyon, ni bon fonksyònman lekòl ak lòt enstitisyon. Se poutèt sa, bon jan lwa sou sekirite nasyonal la dwe vote pou ranfòse kapasite enstitisyon leta ki gen misyon pou pwoteje popilasyon an, konbat kriminalite, koripsyon, retabli otorite leta sou tout tèritwa a epi garanti libète sikilasyon ak pwoteksyon moun ak byen.
AGRIKILTI: Se pi gwo zam nan batay kont grangou, povrete ak depandans ekonomik. Pou sa dwe gen bon jan lwa ki vote pou pwoteje tè agrikòl yo, ankouraje pwodiksyon nasyonal, fasilite aksè peyizan yo ak kredi, irigasyon, teknoloji ak mache pou yo vann rekòt yo. Lè peyi a pwodui plis manje, li ap diminye sou depandans li sou enpòtasyon, l ap kreye plis travay epi ranfòse ekonomi lokal yo.
EDIKASYON: Se baz pou fòme bon sitwayen responsab ki se youn nan resous peyi ap bezwen pou li devlope. Donk vote bon lwa pou ranfòse epi garanti aksè tout timoun ak jèn yo nan yon edikasyon inifòm, bon kalite, adapte ak reyalite peyi a epi oryante sou syans, teknoloji, fòmasyon pwofesyonèl, sitwayènte ak pwodiksyon jan manman lwa peyi a prevwa sa nan atik 32.1 konstitisyon 1987 amande a, se bay chans pou n gen yon lòt sosyete avèk sitwayen konsyan patriyòt ak yon lòt inivèsite k ap pwodwi lide ak moun ki pou fè maryaj syans ak patriyotis pou garanti devlopman peyi a.
An rezime, Sekirite bay estabilite ak posiblite pou gwo envestisman fèt, agrikilti bay pwodiksyon ak souverènte alimantè, tandiske edikasyon bay konpetans ak sitwayen konsyan e patriyòt. Donk si n rive mete an plas bon jan lwa epi aplike yo seryezman nan twa sektè sa yo, pandan Leta konsidere reyalite sosyal, politik ak ekonomik peyi a, sa kapab kreye kondisyon pou yon devlopman dirab, diminye povrete, ranfòse enstitisyon yo epi mete peyi a sou chimen transfòmasyon ak pwogrè tout bon.
Nan sans sa si popilasyon Dèlma a rive banm vòt konfyans li , travay mwen kòm palmantè pral chita sou twa pilye sa yo nan elabore bon jan lwa pou ranfòse sektè sa yo epi batay chak fwa gen bidjè k ap vote pou ke lajan ale nan anvlòp enstitisyon ki gen pou wè ak sektè sa yo epi kontwole gouvènman an pou evite li fè chimen pa l epi kontinye avèk menm prarik ki mete peyi nan eta salte l ye jodi a.
Fwa sa lajenès dwe enplike l, dwe angaje l epi chwazi moun ki gen pwojè ak kapasite pou mennen peyi a sou wout devlopman tout bon.