02/11/2025
Pèp Ayisyen aprè yon bon bout tan nou fè nou pa pale jodia se yon gran jou pou nou kontinye dyalog nou te konn fè yo. Nan moman yo anonse nou yon eleksyon brit sou kou kote nou pa wè devan ak dèyè, nou pa konn ki sen pou nou rele. Mwen vinn envite pran yon ti tan pou nou reflechi kisa ki ap bon pou nou, pou demen nou, pou pitit nou yo.
Sebyen depi gen eleksyon pou n'al vote, men sonje vote pou yon moun ki pou Ayiti, yon moun kap fè sosyete ya byen, yon moun ki gen konpasyon, yon manman, yon papa. Se pa moun ki konnen'w, se pa moun ke'w ka al lakay li aprè eleksyon oubyen kap vinn wè'w aprè si la kap ba'w mil goud pou vote ya. Non se pa li. se sila lè'w finn vote pou li ki ka kreye djòb pou peyi ya, se sila ki ka pote espwa pou sak pi lwen yo, se sila ki konn sa'w w'ap soufri ya e ki ap pote solisyon pou ou. Mwen pap di'w plis. tout moun nan peyi a ap chache yon SOVÈ, men si sovè sa gen kont pèsonèl li lap vinn regle, Ayiti poko prèt pou'l sòti nan sa'l ye la, si moun sa se yon viktim de prè de systèm nan, l'ap vinn kreye plis viktim, si se moun ki an afè avèk lajistis, li pral tòde jistis la pou'l sòti tèt li. Kidonk ou menm ou pap janm sòti, sa vle di Ayiti ap toujou nan tenten, Tanpri sonje pitit ak pitit pitit ou yo, sispann wè pwòp tèt pa'w epi bay Ayiti yon chans.