18/05/2021
𝐊𝐨𝐧𝐤𝐨𝐮 "𝐊𝐌𝐕𝐌 𝐬𝐞 𝐩𝐚 𝐦" - 𝐊𝐨𝐧𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐣𝐨𝐝𝐢 𝐚 𝟏𝟖 𝐌𝐞 𝟐𝟎𝟐𝟏
Prim ki disponib pou moun ki genyen yo
𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐩𝐫𝐢𝐦:
100 dola ameriken (Kach).
𝐃𝐞𝐳𝐲è𝐦 𝐩𝐫𝐢𝐦:
50 dola ameriken (Kach).
𝐓𝐰𝐚𝐳𝐲è𝐦 𝐩𝐫𝐢𝐦:
30 dola ameriken (Kach).
𝐊𝐨𝐧𝐝𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐩𝐚𝐭𝐢𝐬𝐢𝐩𝐞:
1) Achte liv KMVM lan pou 10 dola ameriken (plis taks) sou amazon nan lyen sa a:
https://amzn.to/3hX4W6D
oubyen nan Teknopro sou lyen sa a pou 8 dola:
https://bit.ly/33PaCtB
2) Reponn 10 kesyon nou poze sou liv la nan lyen sa a:
https://bit.ly/3hzLI8X
3) Si w renmen liv la lè w fin li l, pataje l ak 15 zanmi w ki renmen liv (itilize imel oubyen rezo sosyo pa w pou fe sa. Pa bliye tag/mansyone KMVM nan tout pataj yo. Si se imel ou itilize mete [email protected] an kopi)..
Men modèl mesaj nou sijere ou itilize lè w ap pataje liv la: “Mwen fini li liv KMVM lan, m renmen sa m aprann ladan l yo. M rekòmande w li l tou. Men lyen kote w ap jwenn li:
https://amzn.to/3hX4W6D
Men non kmvm nan rezo sosyo yo:
Fesbouk:
Twitè:
Enstagram:
𝐀𝐯𝐚𝐧𝐭𝐚𝐣 𝐥è 𝐰 𝐩𝐚𝐭𝐢𝐬𝐢𝐩𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐤𝐨𝐮 𝐬𝐚 𝐚:
1) Ou envesti 10 dola, ou fè plis pase 2 fwa kòb la (si w genyen).
2) W ap aprann bagay ki vo plis pase milyon dola
3) W ap aprann tou ki kote e poukisa mouvman KMVM lan.
4) W ap vin yon sitwayen ayisyen pi sivilize.
𝐀𝐭𝐚𝐧𝐬𝐲𝐨𝐧:
Manb KMVM pa ka patisipe (ni dirèk, ni endirèk)..
𝐃è𝐧𝐲𝐞 𝐝𝐞𝐥è 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐚𝐧𝐩𝐥𝐢 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐤𝐨𝐧𝐝𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐲𝐨:
1 Dawout 2021
𝐃𝐚𝐭 𝐫𝐞𝐳𝐢𝐥𝐭𝐚 𝐊𝐨𝐧𝐤𝐨𝐮 𝐚 (𝐒𝐨𝐮 𝐩𝐚𝐣 𝐅𝐁 𝐊𝐌𝐕𝐌 𝐥𝐚𝐧):
18 Dawout 2021.
--------------------
Si w gen kesyon oubyen kòmantè, ekri yo anban pòs la. N’ap reponn pou tout moun jwenn menm repons la.
Pataje enfòmasyon sa a ak fanmi w, zanmi w pou yo ka patisipe tou.