Vice-delegation de la Gonave

Vice-delegation de la Gonave Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Vice-delegation de la Gonave, Public & Government Service, Port-au-Prince.

30/05/2026

🇭🇹Jenès Gonaviènn nan Nou se Solisyon La Gonâve 🇭🇹

> "Pa pale paske ou anvi pale, pa pale paske ou vle pale, pa pale paske ou santi ou oblije pale; men pale lè sa nesesè, epi lè ou pale, kite pawòl ou chita sou fondman verite, sajès
Ednel Désir Nou se Solisyon La Gonâve.
30 Me 2026

"Pawòl ki gen valè li pa mezire pa kantite , men pa verite, sajès ak responsablite yo pote." 🇭🇹

13/05/2026
10/05/2026

Lagonav: Sistèm jidisyè a ap fonksyone ak pye kase.

Nan Lagonav, sistèm jistis la ap fè fas ak gwo pwoblèm mank pèsonèl ak move fonksyònman, daprè otorite lokal yo.
Tribinal depè Ansagalè t ap fonksyone ak 3 jij, men 2 nan yo pa t sètifye pa Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ)
epi yo pa janm ranplase depi anviwon 5 lane. Sou kesyon grefye yo; tribinal la te genyen 3 grefye, 2 ladan yo kite peyi a pou ale Etazini atravè pwogram Biden nan e yo pa janm ranplase yo.

Jounen jodi a, tribinal la ap fonksyone sèlman ak yon jij epi yon sèl grefye.
Menm sitiyasyon an egziste nan tribinal Pwentarakèt la, kote youn nan jij yo te revoke pa CSPJ, yon lòt te transfere
san okenn ranplasman.
Pami 3 grefye yo, youn kite peyi a
yon lòt deplase pou ale viv nan komin Ansagalè kote li ap travay kòm avoka, rete sèlman yon grenn pou komin lan.

Ednel Désir, vis-delege awondisman zile a, mande CSPJ pou ranplase jij yo
epi Ministè Jistis pou nonmen nouvo grefye.
Li fè konnen sitiyasyon an vin pi grav ak ogmantasyon popilasyon an akoz deplasman moun k ap kouri pou zak vyolans nan zòn tankou Kabarè, Akayè, Monri pou refijye sou Zile a.

Delege a entèwoje Ministè Jistis sou kisa li ap fè ak Tribinal Premyè Enstans Lagonav la? Daprè li, anpil moun pase twòp tan nan prizon pou ti deli, pandan anpil dosye tè ak lòt dosye enpòtan rete san tretman, paske sistèm jidisyè a pa gen ase mwayen pou reponn ak bezwen popilasyon an.

03/05/2026

Job Philogène se non jenn gason ki ta atake Jaquesot Prophète ak plizyè kout kouto. Aksyon sa a rive nan lokalite Twoulwijèn, 4èm seksyon komin Anse-à-Galets, nan aswè samdi 2 me a, anviwon 8è nan lannuit.
Pou kounye a, Jaquesot Prophète ap resevwa swen lopital, tandiske Job Philogène an kaval. Otorite yo ap mande kolaborasyon popilasyon an pou ede lajistis mete men sou sispèk la, nan lide pou konbat zak vyolans k ap ogmante sou Zile La Gonâve.
Vis-delegasyon awondisman La Gonâve la, avèk nan tèt li Pastè Ednel Désir, kondane zak sa a ak tout fòs li.
Sous : Ednel Désir

02/04/2026

Message d’anniversaire

Au nom de la Vice-Délégation de l’arrondissement de La Gonâve, c’est avec une grande joie et une profonde considération que nous souhaitons un joyeux anniversaire à Monsieur Jean Wilkens D, Chargé de mission à la Délégation.
En ce jour spécial, nous saluons un homme engagé, dévoué et toujours disponible au service de la communauté. Votre sens de responsabilité et votre contribution remarquable ne passent pas inaperçus.
Que cette nouvelle année de vie vous comble de bénédictions, de santé, de réussite et de paix. Que vos efforts continuent de porter de beaux fruits et vous ouvrent encore plus de portes vers de grandes réalisations.
Recevez, Monsieur, nos vœux les plus chaleureux ainsi que l’expression de notre haute considération.

La Vice-Délégation de La Gonâve

Adresse

Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Vice-delegation de la Gonave publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager