Délégation Départementale du Nord- Ouest

Délégation Départementale du Nord- Ouest Cette page est la page officielle de la délégation départementale du Nord-Ouest.

Si w t ap gen chans voye yon mesaj pou Prezidan an, kisa w tap dil?😔😔😔😔😔
02/08/2021

Si w t ap gen chans voye yon mesaj pou Prezidan an, kisa w tap dil?

😔😔😔😔😔

Pòdepè, Jedi 15 Jiyè 2021Nòt pou laprès ak popilasyon an!Delegasyon Depatmantal Nòdwès la ap enfòme tout popilasyon an n...
15/07/2021

Pòdepè, Jedi 15 Jiyè 2021

Nòt pou laprès ak popilasyon an!

Delegasyon Depatmantal Nòdwès la ap enfòme tout popilasyon an nan fason jeneral :

Vandredi 16 Jiyè 2021 an ap yon jou konje

pou komemore memwa prezidan Repiblik la, SEM Jovenel Moïse. Sèvis piblik la, sektè prive a, lekòl pwofesyonèl ak inivèsitè, sektè endistriyèl la ap rete fèmen.

Pòdepè 11 Jiyè 2021MESAJ KONSOLASYONSe avèk nòt chaje doulè sa ekip Delegasyon Depatmantal Nòdwès la ki genyen nan tèt l...
12/07/2021

Pòdepè 11 Jiyè 2021

MESAJ KONSOLASYON

Se avèk nòt chaje doulè sa ekip Delegasyon Depatmantal Nòdwès la ki genyen nan tèt li Delege Wesley Dordoille ap konfime pou popilasyon depatman Nòdwès la nan sans patikilye epi pou tout rès peyi a ke tout bon vre, Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, te sibi yon atak lakay li jou ki te 07 Jiyè 2021 an, malerezman Prezidan an te pèdi lavi l nan atak sa!

Delegasyon Depatmantal la vle itilize okazyon sa pou li raple chak grenn moun k ap li mesaj sa ke angajman Prezidan Jovenel Moïse te pran yo se te pou sa k pi fèb yo, sa k pi mal yo, sa k te sanble l yo!
Se yon moman gran doulè men se yon moman tou pou nou pran angajman pou nou kenbe Prezidan nou an vivan! nan kè nou, nan memwa nou, nan chak fwa n ap genyen pou nou reklame dwa nou, nan chak fwa n ap genyen pou nou chwazi yon moun pou dirije nou!

"Prezidan an te louvri je nou, pa kite anyen fèmenl ankò."

Anou pran kouraj nou pou nou rann prezidan nou an yon dènye omaj byen merite!

Kouraj! Fanmiy prezidan an, zanmi prezidan an, ekip prezidan, tout pèp Ayisyen an, pran kouraj, pran fòs, prezidan nou an pat fèb, nou pa dwe febli devan sitiyasyon saaa...

Biwo Kominikasyon Delegasyon Nòdwès

12/07/2021

🪦

Nan Lokalite Mowo genyen yon dlo ki toujou pete sou wout la se pou sa nou mete beton siman pito nan pati sa, rès la ap k...
02/07/2021

Nan Lokalite Mowo genyen yon dlo ki toujou pete sou wout la se pou sa nou mete beton siman pito nan pati sa, rès la ap kontinye pran asfalt ki se beton bitim nan!

Nou pap kanpe nan wout!

02/07/2021

Nou pap kanpe

Lendi 21 Jwen 2021BETONAJ RI BENITO SYLVAIN, ZÒN PLAS KAPWA POU ALE NAN ESTASYON SENLWI!Ranfòse direksyon travo piblik, ...
22/06/2021

Lendi 21 Jwen 2021

BETONAJ RI BENITO SYLVAIN, ZÒN PLAS KAPWA POU ALE NAN ESTASYON SENLWI!

Ranfòse direksyon travo piblik, Mete matryèl yo nan sèvis popilasyon an, se misyon sa Administrasyon Prezidan Jovenel Moïse la te bay tèt li.

Se gras ak desizyon sa a epi efò pou li rive akonpli tout bon, jounen jodi a, moun nan vil Pòdepè ak tout depatman Nòdwès la ap benefisye gwo travay sa yo.

Si nou kontinye jan nou prale la a san tèt kase, nap rive akonpli anpil bagay ansanm.

« Angajman sa ki fè nou monte syèl pa do a, se pou oumenm nou pranl, kontinye akonpanye nou paske se pou oumenm n ap travay! »

Biwo kominikasyon Delegasyon Nòdwès.-

KANALIZASYON AK DRENAJ SOU WOUT NÒDWÈS LASoti Gachina nan Obè pou rive nan vil Pòdepè deja asfalte. Kounya, travay kanal...
01/06/2021

KANALIZASYON AK DRENAJ SOU WOUT NÒDWÈS LA

Soti Gachina nan Obè pou rive nan vil Pòdepè deja asfalte. Kounya, travay kanalizasyon yo kòmanse nan tèt mòn gachina pou mache sou Pòdepè!

Pòdepè, 31 me 2021TRAVAY ASFALTAJ SOTI ANDWO PASE NAN WOZYE POU ALE CHANSÒL!Mobilizasyon 7/7, 18/24, koukouwouj deklare ...
01/06/2021

Pòdepè, 31 me 2021

TRAVAY ASFALTAJ SOTI ANDWO PASE NAN WOZYE POU ALE CHANSÒL!

Mobilizasyon 7/7, 18/24, koukouwouj deklare pou moun Nòdwès jwenn wout pou ale lakay yo menm jan ak rès depatman yo nan peyi a!

Pandan pati ki soti Latibonit lan ap mache kontre pati kap soti nan Nòdwès la, se kri kè popilasyon Nòdwès la Pezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, te koute ki fè jounen jodi a, soti nan vil Pòtpe pou ale Basenble se plis pase 70% ki deja resevwa premye kouch asfalt yo! Menm mobilizasyon sa pap kanpe tout tan 100% pa fin resevwa tout kouch ki nesesè yo!

Angajman difisil n ap pran yo se pou leve gwo defi yo te fè nou kwè ki patap janm ka leve!

Biwo Kominikasyon Delegasyon Nòdwès.-

01/06/2021

Angajman sa nou pran an se pou sa k pi fèb yo!

Angajman sa nou pran an se pou sa yo te twouve ki pa merite paske yo twò lwen yo!

Angajman sa nou pran ki fè nou monte mòn pa do a, se pou ou menm ki te toujou ap soufri depi twò lontan pou sèvis sa yo!

🚜🚦🚧🛣

ASFALTAJ LA PA JANM KANPE SOU TWONSON WOUT KAFOU JÒF ANSAFOLÈ A!IMAJ SA YO SE IMAJ LENDI AK MADI 15-16 MAS 2021 KOTE ASF...
17/03/2021

ASFALTAJ LA PA JANM KANPE SOU TWONSON WOUT KAFOU JÒF ANSAFOLÈ A!

IMAJ SA YO SE IMAJ LENDI AK MADI 15-16 MAS 2021 KOTE ASFALTAJ LA AP POUSIB SOTI NAN LOKALITE TIFON POU ALE NAN LOKALITE OBÈ!

NOU PAP KANPE! NAP KONTINYE TRAVAY PASKE SE POU SA OU TE BANNOU POUVWA W!

11/03/2021

Adresse

Port-de-Paix
3110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Délégation Départementale du Nord- Ouest publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager