10/11/2020
BON VWAYAJ🕊️
– Se pa vre ! Frantz di m se pa vre, di m se yon blag ki konsa.
– …..
– Alò se sa mwen merite? Se rekonpans lan sa ?
Li te 10 zè nan aswè yon ti dòmi te fenk ta pral avè m, m te tande Jasmine ki t ap pale byen fò nan salon an avèk Frantz.
Jasmine se gran sè m, li renmen avèk Frantz depi lè l te antre Gonayiv nan inivèsite UEH lan. Li te prezante manman m ak papa m Frantz, aprè yo tou 2 te fin gradye. Papa m pa t dakò relasyon an. Li te bezwen yon nèg ki te pi byen ekipe finansyèman pou Jas. » Dayè se li ki premye tranche a jwenn yon nèg konsa sa ap ede l nan zafè peye fakilte pou lòt yo ki deyè a. » Se te souwè papa m. Se sa k fè l pa t vle wè Frantz. Manman m te oblije mache nan lojik papa m, kòm dabitud.
Jasmine te di yo » Pèsòn pa t fèt tou genyen. Pèsòn pa t fèt tou rich, a mwen ke paran l te travay bati yon renome e timoun sa ap jwi richès paran l. Kèlkeswa moun ou wè jodi a ki nan yon bon pozisyon , swa l te travay di avèk onètete oubyen li te vann respè l ak diyite l pou l ka monte. Si se paske Frantz pa gen mwayen jan nou di a ki fè nou pa bezwen l, nou pa renmen l, pa fatige nou m ap renmen l pi plis toujou, nou pa bezwen peye m pou travay sa m ap fè pou nou an. »
Depi jou Jasmine te di yo pawòl sa yo, li te klouwe bouch yo. Yo pa t janm pale de Frantz anndan an ankò. Papa m te sèlman bay Jasmine distans li. Lè Frantz te vin lakay la chak li te salye l li pa t reponn. Aprè kèk tan li te vin ap reponn sou dan sou dan jis li te fin lache kòd la nèt .
Pou mwen se sa k « True love la » Yon lanmou lajan pa an premye pozisyon. Yon lanmou ki mande pou w defansif lè w fas ak sa ki vle detwi l, yon lanmou ki ka fè w prè a tout bagay, divize ak paran w pou w uni ak Byenneme w la…
Jas te damou, Frantz te damou, se te womewo ak jilyèt nan yon lòt vèsyon.
Jasmine te vin anplwaye nan yon sikisal bank, Frantz li menm te gen yon kouzen l ki depite, li te fè l jwenn yon djòb nan ONA.
Jasmine pa t pran 2 zan li te marye ak Frantz, ki te kay manman m ak papa m, al fòme pwòp fwaye l avèk Frant. Sou 1 an maryaj li te vin ansent. Lè l te fin akouche Joshua m te toujou al lakay yo ede yo nan tach menajè. Jas te tou mande m rete viv ak yo.
Depi kèk tan mwen remake relasyon ki te solid, plen lavi a te kòmanse ap trennen e febli. Pa janm pase yon semèn pou pa gen dispit anndan an. Jasmine toujou ap plenyen « Frantz chanje avè l depi lè l ap Travay nan ONA a. Frantz pa janm kreye tan pou li. Frantz pase plis tan nan bwè alkòl ak Zanmi nan baz ke li mennen l sòti jan sa te ye lè yo pa t ko marye a. Telefòn Frantz pa janm nan men l menm jan sa te konn ye avan an, Frantz pa clean. Menm lanmou Frantz pa fè regilyèman avè l ankò. Frantz enfidèl… » Tout sa yo se se te sijè dispit Jasmine lajounen kou lannwit. Li te menm di yon fi ap plede rele Frantz chak li pran apèl la fi a tande vwa l li rakwoche.
Mwen t ap mande kote « True love » la te pase ? Kote 2 mesye dam ki te damou, ki te toujou jwenn yon solisyon ak tout pwoblèm yo nan serenite a ? Kote relasyon ki te ban m anvi gen youn idantik lan? Relasyon pafè ke tout moun te ka pran pou modèl la, kote li ?Mwen pa t santi m alèz anndan an. Mwen te santi m about nan entèveni nan diskisyon ojoulejou sa yo.
Mwen pran zòrye ki anba tèt mwen an mete sou zòrèy mwen. Jasmine tèlman pale fò zòrye a pa t diminye twòp nan bri yo.
Sa gen kèk mwa ti pale anpil sa yo te f on kanpe akoz sante Frantz ki pa t anfòm. Menm travay li pa t prèske al travay. Aswè a menm penpenp lan rekòmanse.
Mwen leve sou kabann nan pou m t al mete lapè kòm dabitid. Lè m rive nan salon an mwen wè jasmine kanpe devan Frantz ki te chita sou kanape a tèt bese, ap pale byen fò.
– Ou s on Chyen, yon kochon. Se pa mwen w ta fè w sa. Mwen lite twòp pou lanmou sa Frantz mwen pa merite sa.
Frantz leve tèt li pou l reponn je l tonbe nan je m, li leve pran kle machin li an ki sou tab la li soti. Mwen vin chita bò kote Jasmine nan sou kanape a. Li ap kriye byen fò. Mwen pase men nen tèt li e mande l:
– Kisa Frantz fè ankò?
Jasmine pa ka reponn. Kesyon m nan te eksite l kriye pi plis e pi fò. Mwen pran tèt li apiye sou epol mwen pandan m ap pase men nan cheve l san konn kisa pou m di pou m rekonfòte l. Nou te pase plis ke 20 mn nan pozisyon sa san pataje yon mo.
Pandan tan sa m t ap mande tèt mwen èske li dekouvri enfidelite Frantz lan? Oubyen èske Frantz anonse l ke gen yon fi ki ansent pou li?
Telefòn Jas te vin ap sone. Mwen te pran telefòn nan, se te yon mesaj de Frantz. Mwen te lonje l ba li, li te pouse menm ak telefòn nan. Mwen te ouvri mesaj lan:
Jas Mwen pa konn kisa m ka di, tout mo yo san fòs pou m eksprime m nan mesaj sa.😭😭 Kapab se dènye fwa mwen kominike avè w. Mwen vle di w malgre tout sa m fè w viv nan dènye moman sa yo, lanmou m pou ou te vrè e l toujou vrè. Si m te ka rekòmanse a zewo gen anpil bagay m t ap evite. Men elas! tan ale tan pap retounen ankò, gen bagay ki ireparab. Sa pa t nan plan m pou m te fè w soufri. Sa pa t nan plan m pou m te enfidèl avè w. Enfliyans fè m lanse m nan yon avanti e ki gache vi m. Wi se vre, Mwen teste positif ak VIH la. Wi se vre mwen se yon chyen. Ou pa merite sa. Se pa vi sa m te dwe ba w kòm rekonpans. Mwen san fòs Jas, mwen santi m fèb. Vi a pap gen menm gou a pou mwen. M ap fè sa k pi senp lan. Joshua ap bezwen w Jas. Mwen Konnen li ap jwenn bon jan edikasyon li sipoze jwenn lan ak ou. Mwen Konnen w gen fòs, mwen Konnen w gen kouraj nenpòt sa ki ta rive rete fèm pa fè lach menm Jan avè m…
Mwen pa t fin li rès mesaj la menm t ap tranble, kè m t ap bat fò. Mwen te eseye rele Frantz, sanble l te tou fèmen nèt li aprè l te fin voye mesaj la. Mwen te endesi ant di Jas mari l an danje ki ka rann eta sante l pi mal ak gade sa pou le moman.
Mwen te sere Jasmine pi fò nan bra m. Èske Jas enfekte tou ? Kesyon sa sanble ap rete » dans l’air » nan moman an. E Si tout fwa Jas ta enfekte vi a pa dwe fini pou li. Li dwe viv menm jan ak tout moun. Li dwe kontinye pataje lanmou menm jan l te Konn fè l avan an. Sèlman l dwe gen misyon pwoteje fanmi, zanmi pou viris lan pa pwopaje. Pran medikaman yo nan lè yo sipoze pran epi enjoy lavi a.
Mwen pase men nan tèt Jas, mwen di l :
– Frantz voye yon mesaj sou telefòn ou an. Se tankou l pral swiside. Ann leve fè tchèk konn kote l ye.
Mwen te rele yon frè Frantz li te di Frantz pa t pase lakay yo. Nou fè nwit lan ap rele fanmi ak zanmi ankenn nouvèl. Siman Frantz gen tan fè l, Siman l gen fè vwayaj li pou peyi san chapo.🕊️
Tèks Ekri par Mahma/ platfòm MTK