Retire San byennèt pa gen libète

02/11/2025

Senmak, jou ki dimanch 02 novanm 2025 lan

Sòti nan: REGWOUPMAN ETIDYAN REVOLISYONÈ (RETIRE)

Pou: Premye minis lan ak minis enteryè a

Objet: mande pou revoke konsèy minisipal Senmak la

Ekselans premye minis Alix Didier FILS-AIMÉ ak minis enteryè Paul Antoine BIEN-AIMÉ,

Regwoupman etidyan revolisyonè (RETIRE) savalouwe nou nan non zanzèt yo. Nou pwofite lokasyon sila a pou salye tout konpatriyòt nou yo ki twouve yo tribòbabò; pou kouraj, anvi viv ak rezilyans ke yo manifeste chak jou devan menas gang, soufrans ak lamizè.

Pwoblèm yo anpil e chak jou yo vin pi malouk ak mòd dirijan sa yo. Se poutèt sa, nou menm nan RETIRE, nou rete kwè ke se pèp la ki pou sove peyi a anba men apatrid sa yo.

Annatandan, nou rete kwè ke dirijan ki nan tèt leta yo p ap kite yo parèt lèd nèt devan listwa. Paske lè pèp ou nan pwoblèm ou pa fè anyen pou w ede l, ou montre aklè ke w ou pa gen ladiyite pou w dirijan.

Jodia, kòmin Senmak ekri otorite yo atravè òganizasyon yo pou mande yo tande kri popilasyon an ki di yo bouke ak konsèy minisipal initil sa a.

RETIRE konstate menm jan ak tout moun k ap viv nan komin lan ke konsèy la pa gen lidèchip pou ede nou sove komin lan, sitou fas ak menas gang yo k ap vanse sou nou chak jou Bondye mete.

Konjonkti n ap fè fas lan mande moun ki gen lidèchif ak vizyon. Malerezman nou konstate ke de (2) konsèp sa yo pa egziste nan konsèy la.

Se poutèt sa, RETIRE ap mande mouche leta, prese prese retire konsèy minisipal enterimè komin Senmak la ki tabli kò l nan komin lan depi nan lane 2020. Ranplase l pa yon nouvo konsèy ki gen kouraj, enèji, lidèchip ak vizyon.

Anreyalite, nou pa gen okenn pwoblèm pèsonèl ak okenn sitwayen ki konpoze konsèy sila a. Men, lè w gade sa w ap regle ou pa wè anyen. Fatra tounen referans, okenn wout pa fèt, plizyè pon kraze san jamè refèt, pa gen okenn espas pou lwazi, tout kote se mache, (e lameri kontante l sèlman fè moun yo peye pou plas), elatriye.

Viv yon lòt visyon pou yon lòt komin!

Siyen:

Kòdinasyon jeneral RETIRE

San byennèt pa gen libète!

11/12/2023
Bon rekòt kafe papa Desalin.Ayiti w la p ap peyi
20/09/2022

Bon rekòt kafe papa Desalin.
Ayiti w la p ap peyi

04/05/2022
2 me 2019 - 2 me 2022, fè deja 3 lane depi yon gwoup jèn gason te met tèt yo ansanm sou lobedyans yon estrikti òganizasy...
04/05/2022

2 me 2019 - 2 me 2022, fè deja 3 lane depi yon gwoup jèn gason te met tèt yo ansanm sou lobedyans yon estrikti òganizasyonèl ki rele MOVE (Mouvement volontaire des engagés) pou te voye yon sonèt dalam bay Leta an menm tan atire atansyon popilasyon an sou kalte danje ki pral genyen nan peyi a si otorite yo pa pran yon ansanm mezi pou konbat fenomèn ensekirite jeneralize sa a k ap frape Peyi a nan moman sa yo.
Nou te fè mach pasifik, pase nan plizyè radyo, bay konferans pou laprès pou sansibilize tout moun nan manyè jeneral men Leta an patikilye pou pran bon jan desizyon pou kwape flewo sa yo. Men anyen pat janm fèt, sa vin lakoz nou tonbe egzakteman nan sa nou pat vle a e menm pi mal toujou.
Nou pwofite okazyon sa a pou raple tout moun, nou se te premye òganizasyon ki te wè danje a, te denonse l epi te fè pwopozisyon pou kouman Leta tabli sekirite nan tout peyi a. Nan moman difisil sa a, nou renouvle angajman n pou rete bò kote pèp la malgre soufrans ak endinyasyon n ap andire chak jou.
Lè a rive pou solidarite a fèt toutbonvre.
Ann met men ansanm pou sove Ayiti

Me DORCÉLUS Jeanvens,
Kòdonatè adjwen

Bon rekòt lavi Mèt Dorcélus Jeanvens. Jèn lidè sosyalis revolisyonè, kamarad Jeanvens se yon moun ki bay li kò, nanm ak ...
08/01/2022

Bon rekòt lavi Mèt Dorcélus Jeanvens. Jèn lidè sosyalis revolisyonè, kamarad Jeanvens se yon moun ki bay li kò, nanm ak lespri nan batay pou tabli byennèt pèp Ayisyen an. Li se yon lidè ki enspire anpil moun konfyans. Se sak fè anpil moun respekte l. Li se yon espwa pou peyi Dayiti. Aktyèlman li se kòdonatè jeneral RETIRE ( Regwoupman etidyan revolisyonè). Kòdonatè Jeanvens nou kwè nan ou, rete akwoche ak ide w yo pou lavi isit ka chanje.

Rete djougan pa moli!
Bòn fèt kòdonatè Jeanvens

06/01/2022

Gouman pou dwa respekte

Adresse

Saint-Marc

Téléphone

+50949490199

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Retire publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager