19/07/2022
*ANSANM* se yon strikti sosyo politik ki chita sou valè sa yo:
jistis sosyal,ekite de jan,
Modènite ak pwoteje anviwònman,akonpanye ak goumen pou lavi mas pèp la amelyore.
*ANSANM* pwan nesans sou lidèchip kèk jèn melanje ak kèk notab sousye,konsansye, de yon nòdès transfòme.
Nan yon tèt a tèt antre jèn sa yo ak notab yo
Yo konstate :
*sistèm demokrasi pèpè* peyi a an ranyon,nou plis ka pale aktyèlman de yon eta *jeng*, ki kreye enstabilite an pèmanans, kòwipsyon, enpinite, diskriminasyon sou tout fòm.
*Sistèm ekonomik* ki ap aplike nan peyi a li pa kapitalis li pa sosyalis,ni kominis, li pa konpetitif,ki donk li pa anyen.Li pa chita sou kenn done syantifik,yon sistèm tèt anba,.
*Sou plan sosyal* peyi an paralize kote tout moun ap make pa sou plas .Tisi sosyal la divize an miyèt moso,nou tounen tankou yon gwoup moun k ap viv sou yon moso tè.
*Sou plan Kiltirèl* se grav kè,tèlman nou akiltire, pandan kilti yon pèp se nanm li. Enfliyanse pa mond oksidantal, erite yon sistèm kolonyal esklavajis , sèlman chèn nan ki pa nan men ak pye nou, yo mete l nan sèvo nou.
Klas mwayèn nan disparèt, pa gen klas ekonomik ankò sof ke gen kèk parazit, 5% moun ki kenbe richès peyi a anba men yo pandan masla eksplwate,defavorize ap vejete nan yon mizè enfènal.
Sistèm edikasyon nou genyen pa prepare timoun yo pou afwonte lavi ayiti, pou renmen peyi a. Se yon sistèm k ap prepare yon bann apatrid, individi ògèye, olye sitwayen responsab pou pran desten peyi a e remete Ayiti nan konsè Gran Nasyon.Tout moun konnen edikasyon se baz tout sosyete modèn.
*ANSANM* kòm estrikti òganize rejte tout doktrin totalitè ,tout fòm diktati.
Nan espwi pou transfòme """lòm ayisyen ,lòm di nòdès""""Nou gen yon plan de sovtaj detaye ki chita sou valè sa yo edikasyon e fòmasyon , prepare mantalman lòm ayisyen atravè edikasyon sivik+sèvis sivik pou yo rive prime enterè kòmen yo sou enterè pèsonèl yo
Paske enterè peyi a se enterè pitit yo ak pitit pitit yo.
*ANSANM* kwè nan pwoteksyon byen prive moun ak nan kreye atmosfè pwopis pou biznis ka boujonnen nan peyi a .
*ANSANM* kòm strikti òganize pa nan pete fyèl moun ak taks sou ti chèk yo,nou kwè nan travay mantalman sektè prive a pou yo rive konsyan e kreye bonjan anplwa.
*ANSANM* kwè nan fanmiy ,nan defann dwa fanm yo,ki reprezante 52% nan sosyete a.Batay nou an vize pou abi sispann fèt sou fanm nan travay yo,, vyolans sou fanm nan fwaye yo dwe kaba ,fanm ak gason dwe mete tèt yo ansanm pou yon lòt sosyete ki jis,ekitab.
Batay nou an vize yon edikasyon gradwit ,yon konstitisyon ki reflete imaj peyi a sou plan sosyal,ekonomik,politik e kiltirèl kòm pèp.kote vwa tout sektè ladan l san eksepsyon ,fòk nou rive dekonsantre/desantralize enstitisyon etatik yo,kesyon repiblik pòtoprens sa dwe fini ,kesyon de twa moun sèlman ki gen aksè biznis,ki gen kontwol ekonomi peyi sa dwe fini.
Pwoblèm migrasyon an dwe rezoud,nou dwe pwoteje ayisyen kap viv andeyò peyi a ,kreye bon jan kondisyon pou yo kapab retounen lakay yo,sa k ap pèmèt yo mete eksperyans,ekspètiz yo osèvis peyi a.nou dwe ankouraje valè e fè promosyon pou valè nan peyi a.
*ANSANM* se yon òganizasyon jèn ki ap pwone yon ide jèn kote granmoun tankou jèn dwe rantre nan batay ak anpil prensip melanje ak disiplin pou transfòme kominote a.
Nou pa yon gwoup kap revòlte, nou se yon gwoup revolisyonè ak yon plan batay ki vize pote lavi miyò,ranvèse sistèm retwograd ki pa bay rezilta a.
Nou envite tout pitit nòdès nan konbit pou nou transfòme kominote nou .
*ANSANM YON ZOUTI DE BATAY POU TRANSFÒME LAVI PITIT DEPATMAN NÒDÈS*