18/05/2019
Nan okazyon 216ème anivèsè Drapo nou an jodi 18 Me 2019 la, Konsil Alex JOSPITRE, Chèf Misyon Konsila Jeneral Ayiti nan Sirinam, ap souete, nan non Prezidan Jovenel MOISE ak nan non Konsila a, yon bòn Fèt Drapo a tout frè ak sè yo ki nan Sirinam, epi tou a tout Ayisyen kelkeswa kote li ye sou tè a.
Konsil la panse ke 216ème anivèsè Drapo nou an ta dwe yon okazyon espesyal pout tout Ayisyen sonje lespri sakrifis, lespri fratènite ak lespri solidarite ki te motive zansèt nou yo 18 Me ak 18 Novanm 1803 ki te vin pèmèt nou gen nonsèlman libète nou, men tou pwòp peyi pa nou ki rele Ayiti e ki se premye Repiblik nwa sou tè a.
Paske Konsil la kwè nan fon nanm li ke se menm lespri sakrifis sa a, lespri fratènite sa a, ak lespri solidarite sa a ki ka pèmèt peyi nou an kontinye avanse pou li vin pi bèl pou jenerasyon kap vini yo, menm jan zansèt nou yo te souete l pou jenerasyon pa nou an ki la jodi a.
Ke Bon DIE nan syèl la kontinye beni peyi nou Ayiti, ansanm ak nou tout Ayisyen pitit li yo.