Mairie des Gonaïves

Directions

Mairie des Gonaïves "Fluctuat nec mergitur". Quoique battue par les flots, Gonaïves ne sombrera jamais.

Toujou nan sousi pou remete kanpe yon Komite Kominal Pwoteksyon Sivil  (CCPC) solid nan Site Lendepandans lan, administr...
10/01/2026

Toujou nan sousi pou remete kanpe yon Komite Kominal Pwoteksyon Sivil (CCPC) solid nan Site Lendepandans lan, administrasyon kominal la, an kolaborasyon ak Pwoteksyon Sivil, òganize yon rankont travay ak manm Komite sila nan sal konferans Meri a, maten Jedi premye Oktòb 2026 la.

Rankont travay sa a te yon okazyon pou patisipan yo reflechi epi fè echanj sou estrikti ak fonksyònman komite a, ansanm ak responsablite li genyen nan kad misyon li.

Pandan rankont lan, patisipan yo te benefisye yon seyans rapèl ak mizajou sou kèk tematik kle, epi yo te pran konesans ak òganigram Komite Kominal Pwoteksyon Sivil la, ki presize diferan responsablite ak lyen kowòdinasyon ki genyen nan estrikti a.

Nan non administrasyon kominal la, Majistra prensipal la Gina JEANTY anonse lansman, pou semèn k ap vini an, seri sesyon fòmasyon pou manm Komite a, nan objektif pou ranfòse kapasite yo, rann estrikti a pi operasyonèl epi pèmèt li pi byen prepare pou entèvni nan ka ijans oswa sitiyasyon kriz.

Administrasyon kominal la rete angaje pou kontinye travay ansanm ak tout aktè konsène yo pou ranfòse sistèm preparasyon ak repons komin nan devan risk ak ijans yo.

Depi Seleksyon an nan batay, se Meri a ki nan batay!Aswè a, nou pral viv yon lòt bèl moman ak Seleksyon nasyonal nou an....
10/01/2026

Depi Seleksyon an nan batay, se Meri a ki nan batay!

Aswè a, nou pral viv yon lòt bèl moman ak Seleksyon nasyonal nou an.

Match la ap gratis sou yon gwo ekran.

Mete mayo seleksyon an sou nou, pote drapo nou, pote enèji nou epi vin selebre ansanm chak gòl, chak aksyon, chak moman fò fas ak vwazen.

AVI REKRITMANREKRITMAN KAPTÈ PWOFESYONÈLMeri a lanse yon avi rekritman pou kaptè pwofesyonèl ki disponib pou entèvni nan...
09/29/2026

AVI REKRITMAN

REKRITMAN KAPTÈ PWOFESYONÈL

Meri a lanse yon avi rekritman pou kaptè pwofesyonèl ki disponib pou entèvni nan kad operasyon kaptire bèt k ap sikile lib nan lari ak espas piblik yo.

Meri a envite moun ki gen eksperyans, kapasite fizik, disiplin ak disponiblite pou fè travay sa a pase nan lokal enstitisyon an pou swivi nesesè.

Poukisa rekritman sa a?

Demach sa a antre nan kad dispozisyon administrasyon kominal la ap pran pou mete lòd nan sikilasyon bèt nan espas piblik yo, sitou nan mitan vil la.

Prezans bèt k ap sikile lib yo kreye difikilte pou sikilasyon moun ak machin, afekte pwòpte espas piblik yo ak anpil lòt pwoblèm .

An paralèl ak operasyon sa yo, Meri a mande tout pwopriyetè bèt yo pou pran dispozisyon pou kenbe bèt yo anba siveyans epi evite kite yo sikile lib nan lari ak lòt espas piblik yo sinon yo pral fè fas ak gwo dispozisyon Meri an ap pran pou sa.

Administrasyon kominal la konte sou kolaborasyon ak sans responsabilite tout sitwayen.

Dat pou Kòmanse depoze pyès 28 Septanm 2026.
Dat pou fin depoze pyès yo 30 septanm 2026

Moun ki enterese kapab pase depoze pyès yo nan direksyon zafè jiridik mèri a.

Pyès wap bezwen:
Kat idantifikasyon nasyonal, sètifika bòn vi ak mès, lèt referans 3 notab nan zòn kote w soti a.

NÒT ENFÒMASYONAdministrasyon kominal la enfòme popilasyon an ke depi 2 semenn, li te repran jesyon ak responsablite sou ...
09/28/2026

NÒT ENFÒMASYON

Administrasyon kominal la enfòme popilasyon an ke depi 2 semenn, li te repran jesyon ak responsablite sou prensipal plas vil la, apre peryòd kote estrikti " Lapatri an danje" te angaje l nan premye pati renovasyon espas la.

Manm Konsèy minisipal la pwofite okazyon sa a pou presize ke kontrèman ak fo enfòmasyon kap sikile, tout travay k ap fèt aktyèlman sou plas la se inisyativ Administrasyon kominal la ak pwòp mwayen li, nan objektif pou kontinye amelyore kondisyon espas la epi pèmèt popilasyon an jwenn yon anviwònman ki pi apwopriye.

Pandan lap remèsye Lapatri an danje pou jefò yo te fè pou te reyalize premye travay yo, Meri a rete angaje pou kontinye travay pou mete plas la ak tout lòt enfrastrikti piblik yo nan kondisyon yo dwe ye a epi l mande kolaborasyon tout moun pou pwoteje enfrastrikti ak amelyorasyon ki fèt yo, pou benefis tout kominote a.

Nan sousi pou redinamize Komite Kominal Pwoteksyon Sivil la (CCPC)  nan Site Lendepandans lan, Administrasyon kominal la...
09/24/2026

Nan sousi pou redinamize Komite Kominal Pwoteksyon Sivil la (CCPC) nan Site Lendepandans lan, Administrasyon kominal la, sou lidèchip Majistra Gina JEANTY, an kolaborasyon ak Direksyon Depatmantal Pwoteksyon Sivil la nan Latibonit, te òganize yon rankont travay ak reprezantan divès enstitisyon piblik ak òganizasyon k ap travay nan komin lan, nan sal konferans Meri a, maten jedi 24 septanm 2026 la.

Nan fen rankont lan, yo te mete sou pye yon nouvo Komite Kominal Pwoteksyon Sivil (CCPC) ki rasanble reprezantan divès enstitisyon ak òganizasyon k ap entèvni nan komin nan. Nouvo estrikti sa a gen pou misyon ranfòse kowòdinasyon ak kolaborasyon ant diferan aktè yo, sitou nan kad preparasyon ak repons devan sitiyasyon ijans yo.

Objektif demach sa a se mete sou pye yon estrikti ki solid, aktif ak operasyonèl, ki kapab pi byen akonpaye popilasyon an nan moman kriz, pandan l ap fasilite kowòdinasyon ak efikasite entèvansyon yo.

Administrasyon kominal la remèsye epi felisite tout aktè ki enplike nan demach sa a pou angajman ak patisipasyon yo. Li konte sou kolaborasyon chak moun ak chak enstitisyon pou asire bon fonksyònman ak bon jan dinamik nouvo Komite Kominal Pwoteksyon Sivil la.

La mairesse principale, Mme Gina JEANTY, sera l’invitée de l’émission "Pawòl sou Tanbou", diffusée sur la radio Antenne ...
09/24/2026

La mairesse principale, Mme Gina JEANTY, sera l’invitée de l’émission "Pawòl sou Tanbou", diffusée sur la radio Antenne Continental 99.5 FM, le vendredi 25 septembre 2026.

Elle y fera le point sur les initiatives et les travaux de la nouvelle administration communale depuis son entrée en fonction, et présentera les perspectives d’avenir.

Nan kad jefò kap fèt pou ede nan redinamize Brigad Pwoteksyon Sivil la nan Site Lendepandans lan, Konsèy Minisipal la so...
09/23/2026

Nan kad jefò kap fèt pou ede nan redinamize Brigad Pwoteksyon Sivil la nan Site Lendepandans lan, Konsèy Minisipal la sou lidèchip Majistra Gina JEANTY, te òganize, maten mèkredi 23 septanm 2026 la, yon rankont travay ak ekip Pwoteksyon Sivil la.

Rankont sa a te yon okazyon pou Konsèy la fè echanj ak volontè yo sou fonksyònman brigad la, defi li rankontre ak nesesite pou genyen yon ekip ki aktif, disponib epi byen kowòdone, sitou nan moman ijans.

Administrasyon kominal la raple, pandan plizyè ane ( depi 2016), te gen yon mank nan rankont regilye yo ant estrikti sa a ak Meri a. Nouvo Konsèy Minisipal la vle bay Brigad Pwoteksyon Sivil la yon nouvo dinamik, pou pèmèt li rete fonksyonèl tout tan, epi evite tann yon sitiyasyon ijans rive pou chèche mete yon selil sou pye. Objektif la se kontribye nan redwi reta epi amelyore efikasite entèvansyon yo lè gen bezwen.

Nan menm sans lan, Konsèy Minisipal la prevwa travay sou nòmalizasyon fonksyònman brigad la ak bon jan idantifikasyon volontè yo, pandan l ap kontinye mete aksan sou ranfòsman mekanis kowòdinasyon yo.

Administrasyon kominal la anonse tou li ap travay pou finalize Komite Kominal Pwoteksyon Sivil la, yon estrikti ki kapab fasilite pi bon kowòdinasyon aksyon yo epi ranfòse prezans Pwoteksyon Sivil la bò kote popilasyon an.

Volontè ki te patisipe nan rankont lan eksprime satisfaksyon yo pou demach la epi manifeste disponibilite yo pou kolabore ak administrasyon kominal la epi kontinye mete tèt yo ansanm pou sèvi popilasyon an.

Meri a kontinye ap travay pou ranfòse estrikti lokal yo epi amelyore kowòdinasyon aksyon ki vize pwoteksyon ak sekirite popilasyon an.

Jan administrasyon kominal la te anonse sa, travay pase men sou Ri Kristòf la, nan tronson ki soti ant Ri Lozama pou riv...
09/22/2026

Jan administrasyon kominal la te anonse sa, travay pase men sou Ri Kristòf la, nan tronson ki soti ant Ri Lozama pou rive nan pwent Ri Endepandans Anfas Podium des Jeunes lan kòmanse, fen semenn pase a, ak premye entèvansyon yo.

Administrasyon kominal la salye epi remèsye Direksyon Depatmantal Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) ansanm ak Ministè Anviwònman an, pou kolaborasyon ak efò yo fè pou pèmèt travay yo kòmanse nan peryòd ki te prevwa a.

Travay sa a enpòtan anpil, sitou nan peryòd sa a kote lapli k ap tonbe souvan konn rann zòn nan difisil pou moun sikile. Sitiyasyon sa konn mete elèv lekòl, moun k ap viv nan zòn nan ak lòt itilizatè wout la nan gwo difikilte.

Konsèy Minisipal la presize travay ki fèt la se yon entèvansyon pasajè pou amelyore kondisyon sikilasyon an epi fasilite pasaj yo toujou. Li pa reprezante travay final pou reyamenajman prensipal wout K-Solèy la, ki pral genyen lòt kalite entèvansyon toujou ak plis resous.

Administrasyon kominal la remèsye yon lòt fwa ankò Ministè Anviwònman an ak Direksyon Depatmantal MTPTC pou sipò ak kolaborasyon yap bay nan kad entèvansyon sa a, ki ap fèt nan enterè popilasyon an e raple volonte ke yo genyen pou kontinye travay nan leve vizaj site lendepandans lan.

NÒT ENFÒMASYONAdministrasyon kominal la enfòme popilasyon an, ansanm ak tout moun k ap itilize wout K-Solèy la prensipal...
09/18/2026

NÒT ENFÒMASYON

Administrasyon kominal la enfòme popilasyon an, ansanm ak tout moun k ap itilize wout K-Solèy la prensipalman Ri Kristòf, sou desizyon li pran pou bloke tanporèman sikilasyon an sou twonson ki soti nan kafou Ri Lozama rive nan kafou Ri Endepandans, anfas Podium des Jeunes.

Fèmti sa a ap antre an aplikasyon apati 11 h 59 nan aswè vandredi 18 septanm 2026 la, pou rive dimanch 20 septanm 2026.

Desizyon sa a pran nan objektif pou fasilite kèk travay Direksyon Depatmantal Latibonit MTPTC ap fè nan tèt kole ak Meri a sou twonson sa a. Travay yo vize amenaje ak amelyore kondisyon twonson an pou fasilite sikilasyon ak transpò, anvan realizasyon lòt travay definitif ki prevwa sou wout la.

Nan sans sa, machin ak moto yo ap itilize Riyèl Solèy ki pase devan sant K-Solèy la kòm devyasyon jouk travay yo fini, dimanch 20 Septanm.

Administrasyon kominal la konte sou kolaborasyon ak konpreyansyon tout sitwayen yo, espesyalman moun k ap itilize wout sa a, pou yo respekte mezi sa a epi fasilite dewoulman travay yo nan bon kondisyon.

Nan kad mezi li pran pou amelyore òganizasyon sikilasyon an epi ranfòse sekirite sou wout yo, Meri a deja enstale plizyè...
09/11/2026

Nan kad mezi li pran pou amelyore òganizasyon sikilasyon an epi ranfòse sekirite sou wout yo, Meri a deja enstale plizyè pano siyalizasyon nan diferan pwen anba lavil la.

Pano sa yo gen pou objektif endike direksyon, presize Ri ki fonksyone nan sans inik, ansanm ak lòt chanjman ki fèt nan sikilasyon an, pou fasilite deplasman moun ak machin epi amelyore òganizasyon trafik la.

Sepandan, administrasyon kominal la konstate ak enkyetid, kèk moun ap retire, rache oswa andomaje pano sa yo, sa ki reprezante yon zak sabotaj kont travay k ap fèt pou amelyore sikilasyon nan vil la.

Meri a raple tout moun desizyon ki pran pou modifye sikilasyon nan mitan vil la rete an aplikasyon e li pap chanje. Administrasyon an mande popilasyon an respekte dispozisyon yo epi pwoteje enfrastrikti ak ekipman piblik yo.

Meri a avèti tou, nenpòt moun ki ta idantifye kòm otè zak destriksyon oswa sabotaj sou pano siyalizasyon yo ap fè fas ak sanksyon ki prevwa nan kad lalwa, tankou pouswit jidisyè, amann ak lòt mezi legal ki aplikab.

Administrasyon Kominal la konte sou kolaborasyon tout sitwayen yo pou pwoteje byen piblik yo epi kontribye nan yon pi bon òganizasyon sikilasyon nan vil la.

Address

Angle Des Rues Clerv & Fabre G, Gonaïves-Haïti
Miami, FL

Opening Hours

Monday 9am - 4pm
Tuesday 9am - 4pm
Wednesday 9am - 4pm
Thursday 9am - 4pm
Friday 9am - 4pm
Saturday 9am - 1pm

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Mairie des Gonaïves posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share

Category