08/22/2022
Genyen 3 prensip nan vi a ke ou dwe adopte e ki ap ede'w grandi , Prensip sa rele prensip de 3 P. Kisa 3 P sa yo ye?
1) Pasyon
2) Pasyans
3) Pèseverans
Koman ou ka eksplike prensip sa yo?
1) Pasyon , Lè'w gen pasyon pou sa wap fè oubyen domèn ke wap evolye, Li pi fasil pou kapab jwenn rezilta e reyisi pi rapid paske wap konsakre'w a 100% nan sa wap fè a e kenpòt ti obstak pap fèw bay vag paske ou gen yon objektik ke ou fikse ou vle atenn e se sa ki pwal debouche sou 2em "P" a
2) Pasyans, Akoz ke ou pasyone de sa wap fè a otomatikman ou vin pasyan paske wap toujou vle pou reyisi ladanl e wap toujou pwè pou ofri tan'w, talan'w ak tout resous ki disponib sou chimen'w.
Wap pare pou simonte obstak ke wout la genyen e franchi tout baryè jis pou ka atenn objektif ke'w fikse a.
3) Pèseverans, Lè'w genyen 2 premye kle yo nan men'w, Ebyen rete yon dènye etap pou franchi pou reyisi ki se pèsevere nan sa wap fè a.
Pou kisa ou oblije pèsevere?
Pèseverans se pi gwo kle a ki pwal louvri dènye pòt la paske ou ka toujou pasyone, pasyan men siw pa gen pèseverans ou pap rive nan limit ke ou te fikse a .
Pèseverans se li menm ki pwal ede'w konbat obstak tankou konbyen fwa ou fè erè, konbyen fwa yo kritike'w, konbyen fwa yo pale'w mal, Kobyen fwa ou tonbe men ou releve, Konbyen fwa fanmi ak zanmi opoze a ou men ou reziste paske ou kwè nan rèv sa ke ou ka reyalize'l.
Lè'w pare pou goumen e ranpòte viktwa sou tout bagay sa yo donk ou pare pou franchi etap siksè a paske ou se yon chanpyon.
Si'w santiw alèz sou wout ke ou ye a e ou kwè ladanl kontinye pa gade dèyè men sèlman kiltive 3 prensip sa yo pasyone, Pasyan epi pèsevere viktwa se nan men'w lap ye.