19/07/2026
𝐄𝐧𝐬𝐤𝐫𝐢𝐩𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐞𝐥𝐞𝐤𝐭𝐞̀ 𝐲𝐨 : 𝐊𝐄𝐏 𝐚 𝐦𝐞𝐭𝐞 𝐬𝐨𝐮 𝐤𝐨𝐭𝐞 𝐩𝐫𝐞̀𝐬𝐤𝐞 𝐦𝐰𝐚𝐭𝐲𝐞 𝐞𝐥𝐞𝐤𝐭𝐞̀ 𝐩𝐨𝐭𝐚𝐧𝐬𝐲𝐞̀𝐥 𝐲𝐨 𝐞𝐩𝐢 𝐥𝐢 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐚𝐯𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐬𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐝𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐥𝐢 𝐦𝐞𝐧𝐦 𝐥𝐢 𝐭𝐞 𝐫𝐞𝐤𝐨𝐧𝐞̀𝐭 𝐲𝐞̀ 𝐲𝐨
FIZYON/PFSDH pran nòt kominike CEP HAITI a ki anonse lansman operasyon enskripsyon elektè yo nan vil prensipal nèf depatman, eksepte depatman Lwès la.
Esklizyon sa a se yon gwo pwoblèm, dapwe done ONI sou moun ki gen kat idantifikasyon nasyonal, depatman Lwès la reprezante 42 % elektè potansyèl peyi a. Sa vle di plis pase kat (4) elektè potansyèl sou dis (10) mete sou kote depi nan premye etap pwosesis la.
Epoutan, nan kalandriye elektoral li te pibliye nan mwa desanm 2025 la, KEP a te rekonèt li menm ekzekisyon pwosesis la depann de de (2) gwo kondisyon : yon klima sekirite ki akseptab ak disponiblite mwayen finansye yo. Jodi a, bidjè a debloke, men sekirite a poko retabli.
Malgre sa, KEP a ap avanse kòmsi lajan an te kapab ranplase garanti sekirite yo.
Kesyon an vin lejitim : èske vrè pwoblèm nan se te sekirite vòt la pou manm KEP yo, oswa èske se te pito jwenn lajan bò kote Gouvènman an pou pwosesis elektoral la ( Primature de la République d'Haïti )?
Kesyon sa a vin pi grav toujou lè nou gade gwo varyasyon ki te genyen nan previzyon bidjè yo, ki soti anviwon 250 milyon dola ameriken pou rive anviwon 120 milyon dola ameriken, san okenn eksplikasyon piblik ki dokimante gwo diferans sa. Yon diferans konsa mande transparans, odit ak reddisyon kont.
FIZYON/PFSDH konstaste tou yon gwo kontradiksyon nan kalandriye a. Nan lane 2025, KEP a te prevwa anviwon senk mwa ant kòmansman enskripsyon elektè yo ak premye jou vòt 30 dawout 2026 la. Nou deja nan fen mwa jiyè 2026, pandan Gouvènman an kontinye ap fè kòmsi eleksyon yo ka fèt pandan ane sa a. Sòf si yo vle fikse vòt la senbolikman pou 31 desanm 2026, apwe sa ki lòt kalandriye serye KEP a ak Gouvènman an ka defann ?
KEP a pa ka fè yon pwosesis pasyèl pase pou yon pwosesis nasyonal, pandan li mete sou kote prèske mwatye elektè potansyèl yo, sa vle di 42 %. Li pa ka pale de sekirite pandan li rekonèt depatman ki pi enpòtan nan peyi a pa gen kondisyon aksesibilite ak efikasite ki nesesè yo.
FIZYON/PFSDH wè nan demach sa a yon lòt mizansèn administratif pou bay enpresyon pwosesis la ap avanse, alòske kondisyon reyèl yo pa reyini. Senaryo sa a fè nou sonje demach 2025 lan: pibliye yon kalandriye, anonse dat, fè kwè gen volonte elektoral, epi apwe sa rekonèt sekirite ak mwayen finansye se kondisyon obligatwa.
KEP a dwe sispann fè sanblan. Li dwe pibliye yon evalyasyon klè sou sitiyasyon sekirite a pa depatman ak pa komin, esplike kritè li itilize pou retire depatman Lwès nan enskripsyon yo, pandan li mete Latibonit ak yon pati nan depatman Sant lan ladan l malgre yo gen menm kalite pwoblèm sekirite ak Lwès. Li dwe prezante yon plan kredib pou entegre depatman sa yo, rann done bidjè pwosesis la piblik, epi louvri yon vrè konsiltasyon ak pati politik yo ansanm ak aktè sosyete sivil la.
FIZYON/PFSDH reyafime pozisyon li : nou pa kont eleksyon. Nou kont yon pwosesis elektoral pasyèl, ki koute anpil ak gaspiyay, frajil, dekonekte ak reyalite peyi a, epi ki deja ap prepare kontestasyon.
Eleksyon kredib, pa eleksyon fòmèl.
_______________________
𝐈𝐧𝐬𝐜𝐫𝐢𝐩𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐝𝐞𝐬 𝐞́𝐥𝐞𝐜𝐭𝐞𝐮𝐫𝐬 : 𝐥𝐞 𝐂𝐄𝐏 𝐦𝐞𝐭 𝐝𝐞 𝐜𝐨̂𝐭𝐞́ 𝐩𝐫𝐞̀𝐬 𝐥𝐚 𝐦𝐨𝐢𝐭𝐢𝐞́ 𝐝𝐞 𝐥’𝐞𝐟𝐟𝐞𝐜𝐭𝐢𝐟 𝐞́𝐥𝐞𝐜𝐭𝐨𝐫𝐚𝐥 𝐩𝐨𝐭𝐞𝐧𝐭𝐢𝐞𝐥 𝐞𝐭 𝐚𝐯𝐚𝐧𝐜𝐞 𝐬𝐚𝐧𝐬 𝐥𝐞𝐬 𝐜𝐨𝐧𝐝𝐢𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐪𝐮’𝐢𝐥 𝐫𝐞𝐜𝐨𝐧𝐧𝐚𝐢𝐬𝐬𝐚𝐢𝐭 𝐥𝐮𝐢-𝐦𝐞̂𝐦𝐞 𝐡𝐢𝐞𝐫
La FUSION/PFSDH prend note du communiqué du CEP annonçant le lancement des opérations d’inscription des électeurs dans les chefs-lieux de neuf départements, à l’exception de l’Ouest.
Cette exclusion majeure, selon les données de l'ONI sur les détenteurs de carte d’identification nationale montre que le département de l’Ouest représente 42 % de l’effectif électoral potentiel du pays. En d’autres termes, plus de quatre électeurs potentiels sur dix sont mis en attente dès la première étape du processus.
Or, le CEP reconnaissait lui-même, dans son calendrier électoral publié en décembre 2025, que l’exécution du processus dépendait de deux conditions majeures : un climat sécuritaire acceptable et la disponibilité des moyens financiers. Aujourd’hui, le budget a été débloqué, mais la sécurité, elle, n’est toujours pas rétablie. Pourtant, le CEP avance comme si l’obtention des ressources financières suffisait à remplacer les garanties sécuritaires.
La question est donc légitime : le problème central était-il réellement la sécurité du vote, ou surtout l’accès aux ressources budgétaires du processus électoral auprès du gouvernement ( )?
Cette interrogation devient tout à fait légitime lorsqu’on a observé les variations importantes des prévisions budgétaires, passées d’environ 250 millions USD à environ 120 millions USD, sans explication publique documentée. Une telle différence exige transparence, audit et reddition de comptes.
La FUSION/PFSDH constate aussi une contradiction de calendrier. En 2025, le CEP prévoyait environ cinq mois entre le début des inscriptions des électeurs et le scrutin du 30 août 2026. Nous sommes déjà à la fin du mois de juillet 2026, alors que le Gouvernement continue de faire semblant que les élections pourront se tenir cette année. À moins de fixer symboliquement le scrutin au 31 décembre, quel calendrier sérieux peut encore être défendu par le CEP et le gouvernement ?
Le CEP ne peut pas transformer un processus partiel en processus national en écartant provisoirement presque la moitié (42 %) de l’effectif électoral potentiel. Il ne peut non plus parler de sécurité tout en reconnaissant que le département le plus important du pays ne présente pas les conditions nécessaires d’accessibilité et d’efficacité.
La FUSION/PFSDH y voit une nouvelle mise en scène administrative destinée à donner l’impression que le processus avance, alors que les conditions réelles ne sont pas réunies. Ce scénario rappelle la démarche de 2025 : publier un calendrier, annoncer des dates, afficher une volonté électorale, puis reconnaître que la sécurité et les moyens constituent des préalables incontournables.
Le CEP doit cesser de faire semblant et doit publier une évaluation claire de la situation sécuritaire par département et par commune, expliquer les critères retenus pour l’exclusion de l’Ouest et l’inclusion de l’Artibonite et une partie du Centre avec les mêmes caractéristiques, présenter un plan crédible pour l’intégration de ces départements, rendre publiques les données budgétaires du processus et ouvrir une concertation réelle avec les partis politiques et les acteurs de la société civile.
La FUSION/PFSDH réaffirme sa position : nous ne sommes pas contre les élections. Nous sommes contre un processus électoral partiel, coûteux, fragile, déconnecté de la réalité du pays et contesté d’avance.
Des élections crédibles, pas des élections formelles.